Accessibility links

Breaking News

2èm Jounen yon Fowòm Ekonomik Amerikano-Afriken nan Washington


Ekspòtasyon Lèzetazini an direksyon l'Afrik sibi yon ogmantasyon 39% depi ane 2009.
Ekspòtasyon Lèzetazini an direksyon l'Afrik sibi yon ogmantasyon 39% depi ane 2009.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap resevwa nan Washington plizyè dizèn lidè ki sòti toupatou sou kontinan afriken an pou yo patisipe nan yon fowòm sou kowoperasyon ekonomik ant peyi yo ak Lèzetazini. Nan seremoni ouvèti woumble amerikano-afriken sa a, Sekretè deta John Kerry te deklare konferans la se yon bon jan okazyon pou kontinan an pwofite de opòtinite kowoperasyon amerikano-afriken an ofri li nan plizyè domèn. Mesye Kerry te di :

« Moman sa a reprezante yon bèl okazyon, yon okazyon ekstrwòdinè pou Lafrik. Mwen kwè se sa ki mennen nou isit la. Se poutèt sa, nou reyini ansanm lidè 50 peyi ki sòti sou tout kontinan afriken an pou somè istorik sa a. »

Chèf diplomasi amerikèn nan te pwofite pou l lanse yon apèl bay lidè afriken yo pou l mande yo adopte ideyal ki makònen ak sistèm mache lib la ansanm e ak kowoperasyon ki egziste ant Lezetazini ak kontinan afriken an. Anfen Sekretè Deta Kerry te mete aksan sou fason pou somè sa a pote rezilta dirab pou peyi patisipan yo.

Tèm fowòm nan se « Kondisyon pou gen kwasans ak opòtinite ann Afrik ». Nan pwogram jounen madi 5 out la, ansyen prezidan ameriken Bill Clinton fè yon prezantasyon sou istwa rapò ekonomik ant Lèzetazini an Lafrik e li di sa li swete pou avni kowoperasyon sa a. Misye Clinton di :

«Nou tout ta renmen wè plis echanj komèsyal, plis envestisman ak pi bon relasyon… Se nou tout an jeneral ki reyalize Lafrik pral kontinye anrejistre tip kwasans li konnen depi kèk tan deja a kòm yon kontinan: swa yon kwasans ant 5 e 7 pou san pa ane. Nou jwenn nan rejyon an 6 a 10 ekonomi ki grandi pi rapidman nan lemond yo; e nan 10 zan kap vini la yo, ekonomi afrikèn nan kapab atenn yon to kwasans 7 pou san. Li gen yon klas mwayèn kap fè pwogrè. Nou fè ann Afrik yon envestisman 80 milya dola, mete sou 400 milyon dola ekspòtasyon ane sa a sèlman. 3 ka nan ekspòtasyon sa a fèt nan domèn gaz ak enèji a, metal ak dyaman. Kidonk, potansyèl pou pwogrè ekonomik fèt ann Afrik se yon gwo potansyèl. »

Pi ta nan jounen an, Prezidan Barack Obama gen pou l fè yon diskou nan fowòm nan; epi mèkredi li pral patisipe nan kèk seyans kap santre sou kwasans ekonomik, sekirite rejyonal ak bòn gouvènans.

XS
SM
MD
LG