Accessibility links

Breaking News

Arive nan La Oland Kadav Pasaje ak Manm Ekipaj Avyon Malezyen ki te Kraze nan Pati Lès Ikrèn.


Yon konvwa kòbya kap transpòte kadav viktim avyon Malaysia Airlines vòl MH17 ap pase devan kèk drapo entènasyonal pandan yap kite ayewopò Eindhoven pou yo ale nan baz militè vil Hilversum nan La Oland. (Foto 23 jiyè 2014).
Yon konvwa kòbya kap transpòte kadav viktim avyon Malaysia Airlines vòl MH17 ap pase devan kèk drapo entènasyonal pandan yap kite ayewopò Eindhoven pou yo ale nan baz militè vil Hilversum nan La Oland. (Foto 23 jiyè 2014).

Yon avyon olandè transpòte nan peyi La Oland kadav pasaje yon avyon malezyen ki te kraze nan pati lès Ikrèn semèn pase a nan sitiyasyon ki poko klè jiskaprezan. Avyon an sòti nan vil Kharkiv ki tou prè zòn kote aparèy la te tonbe a. Gouvènman olandè a dekrete yon jounen dèy nasyonal nan moman peyi a tap pare l pou arrive kadav yo.

Avyon malezyen an te tonbe jedi pase avèk 298 moun abò-l; yo tout pèdi lavi yo –majorite pasaje yo sete sitwayen olandè. Divès kesyon ak repons depaman ap poze pou mande konbyen kadav ki te nan yon tren ki te sòti, nan jounen madi 22 jiyè 2014 la, nan zòn ki anba kontwòl militan separatis yo pou antre nan vil Kharkiv.

Vrèmanvre, separatis pwo-Larisi yo --ki anba akizasyon deske se yo ki te desann avyon an-- pale lendi pou yo fè konnen yo remèt 282 kadav avèk moso kò 16 lòt viktim. Sepandan, lidè yon ekip medsen lejis olandè, Doktè Jan Tuinder, reponn pou l di se 200 kadav sèlman ki te nan vagon refrijere tren an.

Premye minis ostralyen an, Tony Abbot --ki tap abòde kesyon an byen bonè mèkredi 23 jiyè a-- deklare li posib pou kèk kadav rete sou teren aksidan an. Pandansetan, otorite yo nan Lagrand Bretay fè konnen yo resevwa 2 bwat nwa ki tap anrejistre sa k tap pase nan avyon an nan moman li te tonbe a.

XS
SM
MD
LG