Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly ap Vizite Taywann



Prezidan Michel Martelly rive Taiwan depi dimanch 20 avril 2014 la nan kad yon vizit ofisyèl lap fè pou l ranfòse relasyon ant 2 Pòtoprens ak Taype. Gouvènman taywanè a se youn nan sila yo ki bay Ayiti plis asistans aprè tranblemanntè janvye 2014 la.

Anvan lidè ayisyen an te kite Potoprens, li te anrejistre yon mesaj kote li fè konnen akò politik El Rancho a se yon gwo pa an avan si pati siyatè yo travay ansanm pou yo ale nan menm direksyon an dekwa pou eleksyon kapab dewoule anvan fen ane a.

Yon lòt kote, nan okazyon Dimamch Pak la, youn nan pi gwo fèt relijye pou legliz kretyèn yo-- Evèk Jean Zaché Duracin, ki nan tèt Legliz Anglikàn d Ayiti, lanse yon apèl poulmande otorite yo amelyroe kondisayonlavi pèp ayisyen an, gras ak efò ki kapab wete peyi a nan sa evèk la rele "yon sou-devlopman kronik". Monsiyè a di li lè pou Ayiti sèvi Gran Mèt la epi chak sitwayen peyi a ta dwe resisite menm jan ak Jezikri.

Klike sou “Koute” pou w tande mesaj prezidan Martelly pou sena ayisyen an epi repòtaj Jean-Christophe Collègue sou mesaj Pak Evèk Duracin an.
XS
SM
MD
LG