Accessibility links

Breaking News

Aksyon MINUSTAH ann Ayiti – Bilan ak Analiz avèk Sandra Honoré.


Chèf Sivil Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH), Sandra Honoré, prezante yon evalyasyon aksyon misyon l’ONU an ann Ayiti. Li byen apresye nouvèl ki di aktè politik yo fikse 26 oktòb 2014 la kòm dat pwochen eleksyon yo. Madam Honoré fè evalyasyon sa a nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik (Jean-Pierre Leroy) nan jounen jedi 20 mas 2014 la, aprè li fin prezante sa li rele «bilan ak pèspektivv » travay MINUSTAH devan yon piblik ki te reyini nan lokal òganizasyon Inter-American Dialogue (Dyalòg Entè-Ameriken) nan Washington.

Nan entèvyou sa a, Sandra Honoré pale de kontribisyon misyon entènasyonal la nan efò ki bay estabilite Ayiti ap benefisye depi kèk tan déjà. Li fè konnen Sekretè Jeneral l’ONU an mete devan Konsèy Sekirite a yon rekòmandasyon manm yo pral debat nan dat 24 mas la, e ki mande pou MINUSTAH transfòme e tounen yon fòs devlopman, pandan lap toujou pran an konsiderasyon misyon li genyen pou l tabli nan peyi a yon klima ki ankouraje pwogrè sosyal, ekonomik e politik.

Madam Honoré di Jean-Pierre Leroy li fèk mete fen nan yon toune nan Amerik di Sid la kote li remèsye lidè peyi tankou Brezil, Ajantin, Chili ak Ekwatè, ki ofri prensipal kontribisyon twoup nan MINUSTAH, pou apui yo pote bay plan l’ONU pou Ayiti. Oganizasyon eleksyon yo ann Ayiti te nan mitan deba yo nan sesyon kesyon-repons ki te swiv prezantasyon Sandra Honoré a.

Klike sou « Koute » pou w swiv totalite entèvyou chèf sivil MINUSTAH a bay Jean-Pierre Leroy.
XS
SM
MD
LG