Accessibility links

Breaking News

6èm Somè Dèzamerik la pran fen nan Katajèn Kolonbi, san yon Deklarasyon Final


Madan Prezidan Santos - Shakira - Prezidan Obama - nan Somè Dèzamerik la - 15 avril 2012
Madan Prezidan Santos - Shakira - Prezidan Obama - nan Somè Dèzamerik la - 15 avril 2012
6èm Somè Dèzamerik la pran fen nan Katajèn, Kolonbi, san delegasyon 30 peyi ki te prezan yo pa siyen yon kominike final, swa deklarasyon konjwen tradisyonèl la. Rezon an, sè ke yo pa rive jwenn yon konsansis sou omwen 2 mosyon:

1.- Adopsyon yon pozisyon fèm ki rekonfime apui yo pou souverènte peyi manm yo e, nan menm okazyon an, apiye revandikasyon Ajantin sou Zile Malwin yo. Konsa, eta manm l'OEA yo tap kore ouvètman reklamasyon Buenos Aires sou zile yo kòm pati tèritwa nasyonal li epi voye yon mesaj klè bay Lagrand Bretay pou di yo rekonèt dwa Ajantin sou zile yo;

2.- Envitasyon pou Kiba patisipe nan pwochen Somè Dèzamerik la ki gen pou dewoule nan 3 zan nan Panama.
Sou 30 minis afè etranjè ki te prezan yo, 27 vote POU e 3 vote KONT; 3 yo se Lèzetazini, Kanada avèk Meksik.
Absans Kiba nan somè a te reprezante youn nan tèm diskisyon ki te pi cho nan rankont 2 jou Katajèn nan, nan yon somè ki te gen pou tèm: "Ann konekte Amerik yo; ann tabli patenarya pou pwosperite." Vrèmanvre, le fèt ke Kiba pa tap gen reprezantan nan Katajèn te nan diskisyon yo byen anvan kòmansman ofisyèl somè a samdi 14 avril 2012 la. Li se rezon Prezidan Rafael Correa (Ekwatè) bay pou desizyon li pran pou l boykote rankont la; e sanble si Prezidan Daniel Ortega (Nikaragwa) pat prezante non plis, se pou l montre solidarite li avèk La Avàn. Epi, anvan e pandan dewoulman somè a kèk ofisyèl peyi òganizatè a (Kolonbi), tankou Minis Afè Etranjè a, Maria Angela Holguin, ak Prezidan Juan Manuel Santos li menm, te fè konnen yo swete Kiba va kapab reponn prezan nan pwochen somè a.

Si plizyè vwa te leve pou mande retou il kominis karayib la nan l'OEA, sanble genyen vwa tou ki pa kore yon posiblite konsa devan eta aktyèl kondisyon politik yo nan Kiba. Pa egzanp, Sekretè Jeneral l'OEA a, José Miguel Inzulsa, lonje dwèt li sou le fèt ke depi anviwon 3 zan deja, otorite kiben yo te resevwa yon envitasyon pou yo patisipe nan yon dyalòg konsènan jisteman posiblite sa a; e Misye Inzulsa deklare si La Avàn pa gen repezantan nan Katajèn, se pa fòt pèsonn, se fòt dirijan kiben yo. Yon lòt vwa ki leve nan menm sans la, se vwa Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki di rejim kastris la pa vle konfòme l ak kondisyon ki nesesè pou l rejwenn plas li nan konsè eta ki nan sistèm entè-ameriken an. Youn nan kondisyon sa yo, se ouvèti politik e sitou eleksyon lib, onèt e demokratik kote pèp la va kapab chwazi lidè li yo an tout libète.

Yon 3èm pwen ki te byen wo sou ajanda deba yo ane sa a, se mosyon kèk peyi sid-ameriken te mete devan delege yo sou yon posib <<dekriminalizasyon>> trafik dwòg. Dapre peyi sa yo, le fèt ke lit anti-dwòg la ki la depi lontan deja, pa tèlman bay bon rezilta, li ta pi bon pou yo legalize trafik la epi sèvi ak taks yo ta mete sou trafikan yo pou reyalize travay ki ta kapab pwofite popilasyon yo. Prezidan Obama, antwòt, di se pa yon bon apwòch ditou; pito peyi manm l´OEA yo chache lòt altènativ pou tout politik ki ta pemèt trafik dwòg yo mennen aktivite yo lib e libè. Donk, pou lidè ameriken an, politik <<pwoyibisyonis la>> (politik pinga-pinga a) toujou gen plas li. Epi apre somè a, Misye Obama ta pral genyen yon rankont a 2 avèk Prezidan Juan Manuel Santos pou yo te kontinye diskite sou, antwòt, dosye lit anti-dwòg la. Moun ki apiye kouran lide anti-liberalizasyon an, lonje dwèt yo sou move konsekans abi dwòg genyen sou jenès yo an patikilye e sou sosyete yo an jeneral.

Delegasyon peyi manm l'OEA yo genyen yon peryòd 3 zan devan yo pou yo reflechi sou kesyon ki te mete divizyon ant yo nan randevou Katajèn nan; pètèt yo va sèvi ak tan sa a pou yo jwenn yon antant sou dosye cho sa yo. Annatandan, jan sa pase nan Kolonbi dimanch 15 avril 2012 la (yon Somè Dèzamerik ki fini san yon deklarasyon final) fè kèk obsèvatè ap poze kesyon pou mande èske pa kòmanse genyen yon "rupture", yon "cassure" kap vin pi gran chak jou nan mitan òganizasyon rejyonal la.

J. Lyonel Desmarattes
Anvwaye espesyal VOANouvel.com
Katajèn, Kolonbi
Dimanch 15 avril 2012
XS
SM
MD
LG