Accessibility links

Breaking News

Etazini: Vis-Prezidan Joe Biden Aplodi Rankont k ap Fèt ann Itali sou Dosye Siri a


Lidè opozisyon siryen an di yo pral patisipe nan yon konferans entènasyonal nan vil Wòm an Itali semèn sa a apre yo fin anvizaje yon boykot akoz sa yo jije kòm yon mank aksyon bò kote lot peyi yo pou mete fen nan vyolans la nan Siri.

Nan yon deklarasyon ki parèt sou rezo sosyal Facebook byen ta lendi 25 Fevriye a Kowalisyon Nasyonal Siryen an ki gen nan tèt li Ahmed al-Khatib di , kanmarad lidè opozisyon ni yo deside pou yo pa sispann okenn vizit yo nan konferans zanmi Siri yo ki fikse pou jedi 28 novanm nan.

Vis prezidan Etazini an , Joe Biden, byen akeyi desizyon an. Li di rankont sa a se yon opòtinite enpòtan pou opozisyon an pataje pozisyon li sou kriz la. Li di mesye Khatib nan yon konvèsasyon yo te genyen nan telefòn lendi 25 fevriye a, konferans la pral tou yon mwayen pou diskite sou kòman pou ede opozisyon an ak pèp siryen an.

La Mezon Blanch fè konnen sekretè deta Etazini John Kerry pral rankontre tou manb opozisyon siryen an.
XS
SM
MD
LG