Accessibility links

Breaking News

Brezil: Plis Limyè sou yon Dife ki te Touye Plis Pase 230 Moun


O Brezil, pou la premyè fwa lapolis pèmèt kèk temwen antre nan lokal yon night club, nan pati sid peyi a, kote plis pase 200 moun te pèdi lavi yo nan yon gwo dife nan kòmansman semèn sa a.

Polisye ak temwen yo te mete mask nan figi yo ak gan nan men yo kòm proteksyon, nan moman yo tap antre nan night club la nan vil Santa Maria; aprè vizit sa a, lapolis konfime orijin dife a. Fernando Kruel de Lemos, se yon espesyalis nan kesyon ankèt lejis kap travay nan biwo polis vil la.

Li di :"Dabò, rapò tout espesyalis yo lonje dwèt nan yon sèl direksyon. Tout moun di menm bagay la : Dife a te kòmanse nan yon bwat kote teknisyen yo te mete aparèy ki fè britaj e ki bay tout kalite limyè."

Dife a pat pran tan pou l gaye nan tout night club la ki te plen ak etidyan inivèsite; konsa lafimen ak flanm-dife te fin pa sifoke yon bann ak yon pakèt moun ki te genyen yon sèl pòt pou yo sòti. An plis de 232 moun ki mouri yo, plis pase 100 lòt blese.

Pami blese sa yo, genyen Maria do Nascimiento ki pale ak laprès pou l di:"Sa k te rive, sè ke moun yo tap kouri nan tout direksyon. F inalman, te vin gen blackout; pat genyen okenn limyè pou moun te wè ki kote pou yo te fè pou yo sòti."

Lapolis brezilyèn poze arestasyon 4 mon nan kad ankèt otorite yo ap mennen sou dife a ; prevni sa yo se 2 pwopriyetè night club la ak 2 manm okès ki tap jwe nan bwat la nan moman gwo dife a te pran an.
XS
SM
MD
LG