Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Vote pou Nòmalizasyon Relasyon Komèsyal Lèzetazini avèk Larisi


Maryland Senate
Maryland Senate
Sena ameriken an apwouve yon pwopozisyon lwa ki nòmalize relasyon komèsyal Lèzetazini avèk Larisi ; sepandan dokiman an enpoze sanksyon sou sektè nan peyi sa a kap vyole dwamoun. Jedi 6 desanm nan, palmantè ameriken yo vote pou yo leve sanksyon komèsyal Lèzetazini te mete sou Larisi depi epòk Lagè Frèt la.

Se konsa tou, senatè yo vote pou yo nòmalize menm rapò yo ak peyi Mòldavi. Prezidan Barack Obama deja anonse li dispoze siyen pwopozisyon lwa a ki te deja jwenn yon vòt pozitif nan Chanm Bas la mwa pase a. Dokiman an mete sanksyon sou otorite Larisi ki tonbe anba akizasyon deske yo komèt abi dwamoun.

Yon ti moman aprè vòt la, Senatè Ben Cardin –yon Demokrat Eta Maryland, e youn nan palmantè ki te patwone vòt la- pale pou l di nouvo lwa sa a pral ede moun ki te viktim vyolasyon sa yo. Senatè Cardin di :

" Li klè ke sila yo ki komèt gwo vyolasyon dwa moun pap gen posiblite pou yo vwayaje Ozetazini, ni itilize sistèm bankè nou an. Lwa sa a tabli yon presedan pou yon konduit entènasyonal ki, daprè sa n espere, va jwenn aplikasyon n tou patou nan lemond."

Yon lòt senatè ki te patwone lejislasyon an, se John McCain, yon repibliken Eta Arizona. Li pale pou l di dokiman Gran Kò a apwouve a voye yon mesaj klè bay Moskou.

Senatè McCain deklare:
"Mwen kwè nap voye yon mesaj bay Vladimir Putin ak lidèchip Larisi a, pou n di yo nou pap tolere kalte abi dwamoun sa yo san nou pa reyaji yon fason apwopriye. Mwen pa kwè se yon lwa anti-ris; okontrè, se yon lwa ki an favè Larisi. Li an favè pèp ris la ki merite yon pi bon trètman ke trètman lap resevwa jiskisi a. "

Imedyatman aprè Sena ameriken an te fin vote pwopozisyon lwa a, Ministè Afè Etranjè ris la rejte dokiman an e li di vòt sa a se yon “yon pyès teyat rizib e ki pa lojik”.
XS
SM
MD
LG