Accessibility links

Breaking News

Lib Tribin Dyaloge Ak Etazini: Twa Pouvwa yo Ann Ayiti ap Chèche Yon Konsansis Pou Fòme Yon Konsèy Elektoral


Ann Ayiti, reyinyon apre reyinyon fèt ant ofisyèl pouvwa egzekitif la ak reprezantan pouvwa lejislatif la nan kad efò k ap fèt pou yo jwenn yon antant sou fòmasyon yon komisyon pou òganize pwochen eleksyon yo.

An plis rankont sa yo ant 2 branch gouvènmantal yo, depi kèk jou deja youn nan chanm palman an (Sena a) òganize kèk reyinyon avèk reprezantan sektè prive a pou l resevwa opinion yo sou fòmasyon komisyon an.

Nan moman echeyans gouvènman Martelly-Lamothe la te fikse pou l òganize eleksyon yo (sitou elekson pou renouvle yon tyè sena a) preske fin pase, nan moman kèk sektè rete divize sou keson pou konnen ki kalte konsèy elektoral peyi a dwe genyen (pwovizwa ou pèmanan), kesyon ap poze pou mande eske negosyasyon yo kapab debouche sou yon rezilta ki satisfè tout moun? An dotre tèm: Ki chans ki genyen pou pati konsène yo (pi espesyalman pouvwa egzekItif la ak pouvwa lejislatif la) jwenn yon antant finalman ?

Depite Vikens Dérilus, (reprezantan sikonskripsyon Verette nan Chanm Bas-la ann Ayiti), (analis politik e pwofesè Robert Benodin depi vil Orlando, nan santral eta Florid) ak analis politik Yves Renaud (depi Miami) te reponn kesyon sa yo nan pwogram Lib Tribin Dialoge Avek Lèzetazini.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute pwogram lib tribin Dyaloge ak Etazini.
XS
SM
MD
LG