Accessibility links

Breaking News

Aprè Releksyon Prezidan Obama, Li Fikse Atansyon n sou Rediksyon Dèt Nasyonal Lèzetazini


Aprè reeleksyon Prezidan Barack Obama pou yon dezyèm manda,
li fikse atansyon n kounye a sou negosyasyon ak lidè repibliken nan Kongrè a pou redui gwo dèt nasyonal la.

Misye Obama, kap chache nouvo rantre lajan nan kès leta federal la, konte fè ameriken kap fè plis pase 250 mil dola pa ane yo, peye plis taks, yon bagay ki pa antre nan santiman youn nan pi gwo lidè repibliken nan Chanm Bas la, an palan de prezidan chanm nan menm, Depite John Boehner.

Sepandan, nan jounen mèkredi 7 novanm nan, Misye Boehner pale ak laprès pou l di li pap rejte yon politik kap chache fè Leta antre plis kòb, men se toutotan yon politik konsa mache ak yon plan pou koupe sou kèk pwogram tankou sekirite sosyal ak asirans sante gouvènman an bay sitwayen aje yo (MEDICARE).

Misye Boehner deklare:
"Kounye a, prezidan an fè konnen volonte li pou l pote refòm nan sistèm taks la dekwa pou l ka bese to a. Repibliken yo, yo menm, montre volonte yo pou yo aksepte nouvo antre lajan, si e sèlman si lajan sa a sòti nan kwasans ekonomik ak refòm. Se la pou n kòmanse deba a."

Nan deklarasyon lòt John Boehner fè nan menm jounen mèkredi a, li manifeste volonte pou lidership repibliken nan Chanm Bas la montre li pi konsilyan vizavi Prezidan Obama.

Misye Boehner di:" Misye Prezidan, nou vle ou dirije nou non pa kòm yon lidè liberal ou konsèvatè, men kòm prezidan Lèzetazini Damerik. Nou pare pou w dirije nou."

Aprè eleksyon madi 6 novanm 2012 la, konfigirasyon an nan Kongrè a prezante konsa: Nan Sena a, Demokrat yo pran yon syèj, repibliken yo pèdi youn; sa vle di Sena ane 2013 la pral genyen omwen 51 Demokrat , omwen 44 repibliken, e omwen 2 endepandan.

Jiskaprezan moun poko konnen ki pati kap ranpòte 3 plas senatè, paske responsab elektoral yo poko fin konte vwa nan sikonskripsyon konsène yo.

Pandansetan, rete 15 syèj nan Chanm Bas la tou kote responsab yo poko genyen rezilta final yo ; sepandan pwojeksyon yo montre ke, la a tou, pa pral genyen tèlman gwo chanjman. Pou le moman, Repibliken yo genyen 233 plas, tandiske Demokrat yo genyen 187.
XS
SM
MD
LG