Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Inogirasyon Lopital 5 Etwal la nan Mirebalais


Medical sign
Medical sign
Prezidan Michel Martell ak divès pèsonalite nan mond medikal la (ayisyen kou etranje) patisipe, madi 6 novanm 2012 la, nan seremoni inogirasyon Lopital 5 Etwal la nan Mirebalais, nan Plato Santral.

Seremoni an dewoule an prezans Prezidan Bank Mondyal la, Dr. Jim Yong Kim ki tap vizite Ayiti, epi prensipal motè ki dèyè materyalizasyon gwo reyalizasyon sa a, doktè ameriken Paul Farmer.

Daprè enfòmasyon reponsab yo bay, lopital la genyen 20 sal konsiltasyon, 324 kabann pou ospitalizasyon, 6 sal operasyon, plizyè sant dakèy pou resevwa 140 etidyan ak medsen rezidan; e li gen kapasite pou li swaye 500 malad pa jou.
XS
SM
MD
LG