Accessibility links

Breaking News

Anbasad Amerikèn nan Peken Denonse Konpòtman kèk Manifestan Chinwa


Anbasad amerikèn nan Peken, kapital Lachin, fè konnen preokipasyon li apre yon ensidan kote plizyè douzèn manifestan chinwa te ansèkle machin anbasadè Lèzetazini an, Gary Locke, yo te voye yon pakèt bagay sou li epi yo te bloke antre anbasad la.

Pòtpawòl Depatman Deta a, Victoria Nuland, di otorite chinwa yo fè konnen yo regrèt ensidan sa a ki te dewoule madi 18 septanm 2012 la; yon ensidan ki te rive pandan yon jounen kote manifestasyon chofe tap dewoule kont peyi Japon atravè tout Lachin.

Nan yon rankont ak laprès, Anbasadè Locke di jounalis yo anyen pat rive li e li pat santi l an danje pandan ensidan an.

Men li rankontre avek responsab ministè afè etranjè chinwa yo pou l fè yo konnen preokipasyon li e li ankouraje yo pou yo fè tou sa yo kapab pou yo pwoteje pèsonèl anbasad amerikèn nan.

Pòtpawòl ministè afè etranjè chinwa a, Hong Lei, di li konsidere ensidan sa a kòm yon ka izole; men otorite Lachin yo pral mennen yon ankèt sou sa.
XS
SM
MD
LG