Accessibility links

Breaking News

Vizit Ansyen Prezidan Bill Clinton nan Peyi d Ayiti


Ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton (foto achiv)
Ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton (foto achiv)
Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, anvwaye espesyal Oganizasyon Nasyon Zini pou Ayiti, ap rive Pòtoprens lendi 17 septanm 2012 la.

Pandan sejou li nan peyi d Ayiti, Misye Clinton gen pou l rankontre ak otorite ayisyen yo –pami yo gen Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Laurent Lamothe-, lidè mond komès ak endistri a epi kèk etidyan ayisyen.

Anvan anvwaye l’ONU an kite Pòtoprens, li gen pou l vizite Sant Ayisyen pou Envestisman epi asiste yon seremoni kote reprezantan peyi Katar ak Inivèsite Notre Dame d’Haiti pral siyen yon akò.
XS
SM
MD
LG