dimanch 26 me 2013, 04:34 GMT

Nouvèl / Lèzetazini

Pwochen Rankont Sino-Ameriken sou Kesyon Dwamoun

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Lèzetazini ak Lachinn anonse yo pral fè yon lòt seri chita-tande sou respè dwamoun semèn k ap vini la a.

Depatman Deta ameriken ak responsab chinwa yo  presize diskisyon yo pral dewoule nan Washington nan dat 23 ak 24 jiyè 2012.

Bò kote Washington, ap  genyen Michael Posner, Asistan-Sekretè Deta pou Demokrasi, Dwamoun ak Travay; e pèsonalite kap reprezante Peken an se Chen Xu, minis afè etranjè chinwa a kap nan tèt yon delegasyon.

Se 17e seri chita-tande ki pral fèt ant 2 peyi yo sou kesyon dwamoun. Dènye seri an dat la te dewoule nan mwa d avril 2011 la.
Fowòm sa a fèmen
Triye kòmantè yo
Kòmantè
     
Non li: Winter Pamphile Moun ki fè kòmantè a: Santiago, Rep Dom
20.07.2012 16:59
Mwen kontan tande yo pral fè chita pale sa a sou kesyon dwa moun nan lemond , men sa mwen poko ka fin konprann, poukisa manb chèf òganizatè reyinyon sa yo pa envite la Risi ak Siri , paske yo tout enplike nan dezòd ki plis pale nan dènye mwa yo la.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo