Accessibility links

Breaking News

Hermanie Pierre : Kandida pou Reprezante Ayiti nan Konkou « Miss International » 2012 la


Hermanie Pierre se yon jèn ayisyèn k ap viv nan Eta Arkansas, nan santwès Lèzetazini. Li te patisipe nan konkou « Miss Arkansas » kote li te ranpòte 3èm plas la.

Jounen jodi a Madmwazèl Pierre ta renmen patisipe nan konkou Miss International ki pral dewoule nan fen mwa jiyè 2012 la nan vil Chicago kòm reprezantan peyi d Ayiti.

Sepandan, jiskaprezan li pa genyen okenn apui ofisyèl ni yon òganizasyon prive, ni gouvènman ayisyen an, pou l reyalize pwojè sa a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute ekstrè yon entèvyou Miss Pierre bay Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG