dimanch 26 me 2013, 03:58 GMT

Nouvèl / Lèzetazini

Somè G-20: Pou Prezidan Obama Kriz Ekonomik Ewòp la gen yon Solisyon

x
Dimansyon Lèt yo - +
Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare li gen konfyans lidè ewopeyen yo gen kapasite pou yo rezoud pwoblèm ekonomik kontinan an e li pa kwè genyen peyi ki pap fonksyone oubyen ki pap pwodwi.

Pandan l t ap pale ak laprès apre Somè G-20 an nan Los Cabos O Meksik, prezidan Obama presize  tout pwoblèm kontinan ewopeyen an se pwoblèm ki gen solusyon.

Prezidan Obama di: "Premyèman, zanmi ewopeyen nou yo  konprann klèman seryozite sitiyasyon an e y ap avanse avèk ijans . Mwen aplodi yo franchi kote yo fè pwomosyon pou kwasans , stabilite finansye e ak responsabilite fiskal. Mwen kontan anpil  ke lidè ewopeyen ki la yo  di yo pral pran mezi nesesè pou pwoteje entegrite ak stabilite Ewozòn nan  pou amelyore  fonksyonman mache finansye yo ."

Nan deklarasyon final  Somè a, lidè G-20 yo rekonèt ekonomi mondyal la ka frajil e li gen enpak negatif sou la vi ak djòb popilasyon atravè lemond.
Fowòm sa a fèmen
Kòmantè
     
Poko gen kòmantè sou fowòm nan. Si ou vle, ou ka tounen premye moun ki kòmante sou li.

 

Swiv nou sou rezo sosyal yo