Accessibility links

Breaking News

Ansyen Kòmandan Lagè Gòlf la an 1991, Jeneral Ameriken Norman Schwarzkopf Mouri


Jeneral Retrete Norman Schwarzkopf
Jeneral Retrete Norman Schwarzkopf
Jeneral retrete ameriken Norman Schwarzkopf, ki te kòmande fòs koalisyon alye Lèzetazini pandan Lagè Gòlfla, mouri jedi, dapre sa yon gwo responsab ameriken anonse. Li te gen 78 tan.

Apre Irak te anvayi Kowet an 1990, jeneral Schwarzkopf te dirije miz’an plas yon fòs koalisyon entènasyonal 700.000 mil sòlda. 17 janvye 1991, twoup li tap kòmande yo te tanmen yon kanpay aeryen anviwon 6 semèn kont fòs irakyen yo, anvan yon atak pa tè ki pat pran lontan pou dechouke fòs Saddam Hussein yo nan Kowet.

Ansyen prezidan George H. W. BUSH, ki entène lopital, deklare jeneral la “ se yon bon jan patriyòt e youn nan pi gran lidè militè jenerasyon li-a ».

Misye Schwarzkopf te etidye nan Akademi Militè Lèzetazini an e li te diplôme an 1956, dapre sa ansiklopedi britanik sou entènèt la ekri. Jeneral Norman Schwarzkopf te pran retrèt li nan mwa out 1991 e li kite yon liv li rele « It Doesn’t Take Hero :Ou Pa bezwen nesesèman yon Ewo » yon liv kote li prezante pwòp byografi li, jeneral Norman H. Schwarzkopf.
XS
SM
MD
LG