Yon gwoup etidyan te monte tant yo sou kanpous Inivesite Northwestern ki nan rejyon Chicago a, yon fason pou fose inivesite a sispann envesti lajan nan aktivite ki konekte ak lame peyi Izrayèl la. Semèn Sa Yo rive jwenn yon antant ak direksyon lekòl la..
Alyans Fransèz vil Chicago a oganize yon sware dans Konpa Ayisyen kote Ayisyen kou etranje te vinn danse.
Yon òganizasyon nan Chikago Ilinwa ofri kou Angle gratis pou imigran non sèlman k ap viv nan vil la men tou nan zòn alantou yo. Jounalis Obed Lamy
Samdi 17 fevriye a, kominote Ayisyen nan Chicago te rasanble pou selebre Mwa Istwa Nwa yo yon fason espesyal. Se te yon sware istwa, ki yon tijan sanble aktradisyon tire kont lannwit an Ayiti.
Plizyè vizitè te defile nan Mize Ayisyen Ameriken nan Chicago an pou dekouvri yon ekspozisyon zev atistik ki louvri nan komansman mwa fevriye. Ekspozisyon sa batize “Nan San”, li mete an valè talan ak kreyativite tout yon fanmi: yon papa, ak 2 pitit fi li.
Se anba direksyon Julio Auguste ke plizyè sitwayen ayisyen kap viv nan Chicago mete sou pye yon gwoup Rara ki pote non "Konbit Rara 1804".
United Council for Higher Education in Haiti te òganize madi 23 janvye a yon sware kolèk lajan pou bati yon kanmpous inivèsite an Ayiti. Jounalis VOA Kreyòl nan Chicago Obed Lamy ap fè yon kontrandi sou evènman sa
Nan Chicago eta Illinois Kominote Ayisyen an rete konekte gras ak Radio La Difference ki gen plizyè ane depi li ap bay kominote a sèvis, Jounalis VOA Kreyòl nan Chicago Obed Lamy te chita koze ak responsab radio a Jean-Vil Joseph
Ayisyen nan Chicago te komemore endepandans peyi d Ayiti ak yon seremoni "Jounen Inite "ki te gen patisipasyon responsab konsila Ayiti, dyaspora a epi Atis Belo. Obed Lamy te prezan pou VOA Kreyòl.