Depi apre nominasyon ansyen minis spò ak aksyon sivik Fritz Belizaire kòm premye minis 30 Avril pase, pwoblem kontinye gwosi andan konsey prezidansyèl tranzisyon an. Chwa Ing. Fritz Bélizaire mete yon divizyon nan mitan manm konsèy yo.
Sendika kiltivate Latibonit yo oganize yon aktivite pou komemore Fet Travay ak Agrikilti, kote yo fe konnen yo pare pou travay ak manm Konsey Prezidansyel Tranzisyon an. Junior Racine gen detay depi vil Sen Mak.
Plizyè responsab òganizasyon ak pati politick nan vil Sen Mak bay opinion yo sou deba ka fèt sou enstalasyon konsèy prezidansyel aprè gouvènman demisyonè Ariel Henry a dakò pibliye dekrè kreyasyon konsèy la.
Pwogram imanitè sou kondisyon administrasyon Biden nan gen enpak negatif sou plizyè sektè tankou Lasante. Korespondan nou Junior Racine k ap devlope pwen sa a pou nou depi Sen Mak di nou plizyè dizèn pèsonèl Lasante abandone pòs yo pou patisipe nan pwogram nan.
Kontrèman ak enfòmasyon k'ap sikile sou rezo sosyal yo kòmkwa yo ta jwenn zam sou waf SenMak l, Komisè gouvènman an di VOA Kreyol se pa vre ditou.
Lapolis nan vil Sen Mak prosede ak arestasyon Pierre Jean Julio jounen 23 me 2023 nan komin Monri. Se komisè gouvènman an Me Venson François ki konfime nouvel arestasyon an pou enplikasyon prezime’l nan touye Me André Chaleus nan dat 12 avril 2023 pase an nan zòn delije sou komin Monri.
Anviron 4 prizonye mouri nan prizon sivil Sen Mak la. Chef pakè a Venson François lonje dwèt li sou Grefye ak komisè yo Kita lakòz diferan odyans pa fet nan tribinal premyè entans la
Divès òganizasyon bat bravo lakontantman pou nominasyon 8 jij kou de kasasyon an. Ansanb òganizasyon sa yo mande premye minis ayisyen prese, prese mete kanpe KEP pou òganize eleksyon nan peyi a.
Ensekirite a nan depatman Latibonit fè gro enpak sou divès sektè, machann nan mache kominal Sen Mak se youn pami Viktim yo.
Jwenn yon paspò ki soti nan sant resepsyon ak livrezon dokiman idantite CRLDI vin paret difisil nan anpil biwo imigrasyon tou pa tou nan peyi. Repotaj Junior Racine, Sen-Mak.
Fenomèn ensekirite ki prezan antwot sou Wout Nasyonal Nimewo 1 fòse fèmti Plizye plaj, hôtel sitou nan zòn dèzakaden an .
Responsab lopital Sen Mak la konfime pou VOA Kreyol, yo anrejistre plis pase 30 ka kolera nan zon nan. Junior Racine te pale ak li.
Nan vil Sen Mak, dè milye moun pran lari pou pwoteste kont ensekirite, lavichè ak rate gaz la. Junior Racine te swiv mobilizasyon an pou VOA Kreyol.
Komisè Gouvènman Sen Mak la fè yon desantdelye nan yon kay kote yo jwen yon afè 10 mil galon gaz stoke. Junior Racine gen detay pou VOA Kreyol.
Junior Racine fè yon pase nan mache Sen Mak la pou koze ak ti machann yo sou enpak lavi chè a genyen sou aktivite yo ak lavant la.
Jounalis VOA Kreyol nan Sen Mak, Junior Racine ba nou detay sou yon fomasyon ki fet pou rejyon Latibonit la sou zak vyolans kap fet kont fanm ak timoun.
Jounalis Junior Racine esplike nou sak pase, epi li ba nou bilan viktim yo apre yon kay kote yo tap stoke gaz te pran dife lanuit la.
Direktè ODVA a agwonòm Frantz Jean Mary ak ekip li chita pale ak plizyè plantè nan Premye seksyon tirivye latibonit .