Accessibility links

Breaking News

Kowoperasyon Militè ap Kontinye ant Lèzetazini ak Ostrali


Lèzetazini pwomèt pou l kontinye kowoperasyon militè li avèk Ostrali nan moman 2 peyi yo ap fè yon rankont sou defans ki dewoule chak ane. Ane sa a negosyasyon yo ap fèt nan vil Perth, ann Ostrali.

Nan yon diskou minis defans ameriken an, Leon Panetta, fè nan ouvèti somè a, li deklare relasyon ant Lezètazini ak Ostrali se yon pati enpotan nan plan stratejik Washington pou rejyon Azi Pasifik la.

An plis Misye Panetta, Sekretè deta Hillary Clinton ap patisipe tou nan chita-tande wo nivo sa a, --premye konsa kap dewoule depi Lèzetazini te anonse yon nouvo politik pou kontinan azyatik la ane pase.

Chita-tande semèn sa a ap santre sou mwayen pou Lèzetazini genyen plis aksè sou baz lamarin de gè peyi Ostrali yo.
XS
SM
MD
LG