Accessibility links

Breaking News

Transparans Entènasyonal: "Kòripsyon se Youn nan Prensipal Koz Mouvman Ekstremis Vyolan"


Yon volontè kòmanse pentire yon miray gwoup Eta Islamik la te desine sou bò lès Mosul, Irak. 30 janvye 2017. (Foto: AP/ Khalid Mohammed)
Yon volontè kòmanse pentire yon miray gwoup Eta Islamik la te desine sou bò lès Mosul, Irak. 30 janvye 2017. (Foto: AP/ Khalid Mohammed)

Transparans Entènasyonal fè konnen kòripsyon se youn nan prensipal koz mouvman ekstremis vyolan nan mond la.

Ajans sa a ki se yon santinèl kont kòripsyon fè konnen kominote entènasyonal la bezwen mete aktivite pou takle kòripsyon nan tèt pwogram li nan batay kont gwoup ekstremis tankou gwoup Eta Islamik la ak Boko Haram.

Nan yon rapò ki parèt madi 21 fevriye 2017 la, Transparans Entènasyonal fè konnen kòripsyon nan gouvènman pèmèt militan pwofite kòlè piblik la pou yo fè rekritman, fasilite sikilasyon zam, e anpeche enstitisyon leta yo fè travay yo, tankou lame sa ki lakoz yo pa ka kontwole menas ekstremis yo.

XS
SM
MD
LG