Accessibility links

Breaking News

Sant Carter la Lanse Konstriksyon 500 Kay Nan Léogâne


Ansyen prezidan Jimmy Carter (AP Photo/Franklin Reyes, foto achiv)
Ansyen prezidan Jimmy Carter (AP Photo/Franklin Reyes, foto achiv)

Sant Carter ak Habitat Pour l'Humanité—2 òganizasyon karitatif patnè---tanmen lendi konstriksyon 500 kay nan rejyon Santo, toupre Léogâne (Sant tranblemann'tè 12 janvye 2010 la) pou viktim katastwòf la.

Ansyen Prezidan Etazini, Jimmy Carter, madanm li, Rosalyn ak plizyè santèn volontè, tankou atis ameriken mizik Country, Garth Brook, ap patisipe nan konstriksyon kay yo. Genyen anpil fanmi ki te viktim nan goudougoudou a kap pote kole ak prezidan Carter pou bati kay sa yo pou tèt yo e pou lòt sinistre.

Nan premye faz pwojè a, Sant Carter ak Habitat Pour l'Humanité ap bati 100 kay---byen konstwi e solid---pou yon santèn fanmi abite. Plis pase 400 volontè ap ede nan reyalizasyon pwojè sa a ki rele Carter Project 2011. Dapre Habitat Pour l'Humanité se 28ème pojè konsa kote ansyen prezidan Jimmy Carter ap patisipe. Misye Carter rive Ayiti dimanch 6 novanm 2011 lan ak yon gwoup 200 volontè abò yon avyon ki genyen logo òganizasyon Habitat Pour l'Humanité

NB: Pou plis presizyon ale sou ikon mp3 ki anwo, adwat paj wèb la pou n koute repòtaj korespondan nou, Clarens Renois. Nou ka vizite tou sit Habitat Pour l'Humanité a sou ralonj ki anba atik sa a

http://www.habitat.org/cwp/2011/CWP2011_Eventcoverage.aspx

XS
SM
MD
LG