Accessibility links

Breaking News

Astwonòt Ameriken Peggy Whitson Bat yon Rekò Kòm Moun ki Pase Plis Tan nan Lespas


Imaj NASA 13 avril 2017 la , montre Astwonòt Peggy Whitson ki tap pale an dirèk abò yon aparèy espasyal ameriken nan lespas.
Imaj NASA 13 avril 2017 la , montre Astwonòt Peggy Whitson ki tap pale an dirèk abò yon aparèy espasyal ameriken nan lespas.

Astwonòt Peggy Whitson pase 534 jou nan lespas nan yon aparèy espasyal ameriken. "Sa se yon bagay ki enkwayab" pawòl Prezidan Etazini an Donald Trump. Chèf deta a di astwonòt la: "Nan non tout pèp ameriken an ak tout lòt pèp nan lemond, mwen felisite w."

Astwonòt Ameriken Peggy Whitson kòm moun ki pase plis tan nan lespas.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:04 0:00

Prezidan Trump tap pale ak astwonòt Whitson an dirèk sou videyo etan nan Mezon Blanch ki branche ak lespas. Astwonòt la tap eksplike prezidan an kòman teknoloji nan aparèy espasyal la pèmèt yo kovèti pwòp pipi yo pou fè l tounen dlo pou yo bwè.

Prezidan Trump te pale tou ak astwonòt ameriken Jack Fischer, ki li menm te rive nan aparèy espasyal la semèn pase a pou premye fwa. Lè Prezidan Trump te mande astwonòt Fischer kòman vwayaj la te ye, li te reponn pou l di: "Trè Byen Mesye." Mesye Fischer se yon pilòt Lame Etazini. Prezidan Trump ki te gen bò kote l pitit fi li Ivanka Trump di se yon onè pou li pou l te pale ak astwonòt yo.

Astwonòt Whitson ki gen 57 an sou tèt li se astwonòt ki gen plis eksperyans nan lespas. L ap retounen sou latè nan mwa septanm kap vini an. Lè li retounen l ap deja pase 666 jou nan lespas pandan 3 vwayaj li te fè.

XS
SM
MD
LG