Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Pwopozisyon-Lwa Sou Kontwòl Zam Devan Sena Ameriken an


MIlitan k ap defann dwamoun te fè depozisyon yo nan yon seyans kote komisyon sekirite teritoryal ak afè govènmantal Sena a te reyini sou Kapitol la nan Washington nan jounen madi 21 jen an.
MIlitan k ap defann dwamoun te fè depozisyon yo nan yon seyans kote komisyon sekirite teritoryal ak afè govènmantal Sena a te reyini sou Kapitol la nan Washington nan jounen madi 21 jen an.

Ozetazini, yon jou apre sena a te vote pou l bloke 4 pwopozisyon-lwa sou kontwòl zam, gen yon lot lejislasyon tou nèf ki parèt e ki ta kapab bese tansyon ki tap monte ant Demokrat ak Republiken konsènan poutèt Gran Kò a pat rive pase alaksyon apre atak ki fè plis viktim nan listwa peyi a, an palan de masak kote 49 moun te pèdi lavi yo nan vil Orlando, Eta Florid.

Nouvo plan lejislatif sa a se travay yon gwoup ki te gen ladan n reprezantan tou lè 2 pati yo --pami yo nou jwenn kèk nan senatè ki pi santris yo. Li gen ladan n dispozisyon ki ka anpeche moun yo sispèk kòm teworis achte zam; se menm bagay la pou moun ki anba entèdiksyon pou yo monte avyon oubyen ki sou yon lis kote otorite yo mete non moun yo dwe plase anba plis siveyans lè yap antre nan yon ayewopò ameriken.

Lejislasyon an ofri tou posiblite pou moun sa yo ale nan tribinal kont desizyon gouvènman an epi mande touche domaj e enterè si yon jij jwenn otorite yo te plase yo sou lis nwa a nan move kondisyon.

XS
SM
MD
LG