Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Barack Obama nan Peyi Vyetnam

Prezidan Barack Obama ak kòlèg vyetnamyen li, Tran Dai Quang, ap pase yon gad donè an revi pandan yon seremoni otorite yo nan Hanoi te òganize pou swete lidè ameriken an byenveni. Seremoni sa a dewoule nan Palè Prezidansyèl la lendi 23 me 2016 la.

Prezidan ameriken an, Barack Obama --ki sou premye jou konplè yon vwayaj nan peyi Vyetnam-- anonse Lèzetazini leve yon anbago zam ki tap peze sou peyi sid-ès azyatik la depi 50 tan. Misye Obama fè anons sa a nan yon konferans pou laprès li bay lendi 23 me 2016 la nan vil Hanoi ansanm ak prezidan vyetnamyen an, Tran Dai Quang, ki fèk monte sou pouvwa a. Prezidan Obama deklare:

“Chanjman sa a pral ofri garanti kap pèmèt Vyetnam jwenn ekipman li bezwen pou l defann tèt li; an menm tan sa pral elimine yon restan Lagè Frèt la ki poko disparèt. Sa atire atansyon tou sou angajman Lèzetazini pou l retabli relasyon total-kapital ak Vyetnam, san bliye nòmalizasyon total relasyon defans a lon tèm avèk Vyetnam e ak rejyon sa a.”\

Prezidan Barack Obama (agoch) pandan li tap bay yon konferans pou laprès ak Prezidan Tran Dai Quang.
Prezidan Barack Obama (agoch) pandan li tap bay yon konferans pou laprès ak Prezidan Tran Dai Quang.

Anfen, Misye Obama anonse kèk dispozisyon administrasyon n nan pral pran pou l ranfòse rapò ekonomik ak kiltirèl ant Lèzetazini ak Vyetnam. Lidè ameriken an pale konsa nan moman Lèzetazini gen gwo preokipasyon poutèt Peken vle ranfòse enfliyans li nan rejyon Lanmè Chin nan kote Vyetnam, Lachin ak kèk lòt peyi ap fè reklamasyon kontwadiktwa sou zile ki nan zòn nan.

Barack Obama se 3èm prezidan ameriken kap vizite Vyetnam depi 2 peyi yo te retabli rapò diplomatik yo nan lane 1995. Pandan sejou lidè Lèzetazini an nan peyi a, li gen pou l fè yon diskou madi nan Hanoi, kapital la, kote li pral pale de dwamoun antwòt, epi li va vizite Hochiminhvil, ansyen Saigon ki se kapital komèsyal Vyetnam kote li pral rankontre ak yon gwoup antreprenè epi ak yon delegasyon jèn vyetnamyen.

XS
SM
MD
LG