Accessibility links

Breaking News

Lapolis nan Peyi Malezi sou Pis Kèk Nouvo Sispèk nan Kad Ankèt sou Asasinay Gran Frè Lidè Kore di Nò a


Jounalis yo kouvri yon machin ki tap soti nan Anbasad Kore di Nò a nan Kuala Lumpur, Malezi, 22 fevriye 2017. (Foto: AP/Vincent Thian)
Jounalis yo kouvri yon machin ki tap soti nan Anbasad Kore di Nò a nan Kuala Lumpur, Malezi, 22 fevriye 2017. (Foto: AP/Vincent Thian)

Lapolis nan peyi Malezi fè konnen yo vle kesyone 3 nouvo sispèk ki se moun Kore di Nò, pami yo yon diplomat, an rapò sa l sanble asasinay Kim Jong Nam, semèn pase a, an palan de gran demi frè lidè Kore di Nò a Kim Jong Un.

Nan yon konferans pou laprès nan kapital Malezi a, Chèf Polis Khalid Abu Bakar, fè konnen pami nouvo sispèk yo gen Hyon Kwang Song ki se 2èm sekretè Anbasad Kore di Nò nan kapital Malezi a Kwala Lumpur.

Lòt sispèk ke lapolis site se Kim Uk Il, ki travay pou liy aeryèn Kore di Nò Air Koryo, ak yon mesye nò koreyen ke yo idantifye kòm Ri Ji U, men san bay plis detay sou li.

Chèf polis Bakar fè konnen sispèk yo nan Kwala Lumpur toujou e ke lapolis ap fòse yo koopere si yo pa prezante ak pwòp volonte yo.

XS
SM
MD
LG