Accessibility links

Breaking News

Kiba ap Obsève Nèf Jou Dèy Nasyonal nan Memwa Fidel Castro


Moun ki rasanble nan lari ak foto Fidel Castro yon jou apre lanmò li. Lahavàn, Kiba, 26 novanm, 2016. Kiba pral obsève nèf jou dèy pou ansyen prezidan an.
Moun ki rasanble nan lari ak foto Fidel Castro yon jou apre lanmò li. Lahavàn, Kiba, 26 novanm, 2016. Kiba pral obsève nèf jou dèy pou ansyen prezidan an.

Pati Kominis peyi Kiba a dekrete 9 jou dèy nasyonal nan memwa Fidel Castro. Desizyon sa a pral bloke pifò aktivite nan nan Kiba jiska 4 desanm. Kiben yo sou zile a pral komemore lavi Fidel Castro nan yon seri memorial ak plizyè aktivite.

Komite Santral Pati Kominis la entèdi tout aktivite piblik ak amizman piblik nan Kiba pandan peryòd dèy la. Deklarasyon an di radio ak televizyon nan Kiva dwe difize sèlman pwogram kap enfòme, pwogram patriyotik ak pwogram sou listwa.

Otorite yo fè konnen kòmanse lendi maten Kiben yo ap kapab rann omaj bay Fidel Castro nan memorial powèt ak lidè endepandans Kiba a Jose Marti nan la Avan. Kiben yo ap kapab rann omaj yo tou madi sou plas revolisyon an nan la Avan. Otorite Kiben yo ap dezite plizyè lòt sit nan peyi a pou sitwayen yo peye respè bay Castro.

Nan mèkredi, yap transpòte sann kadav Fidel Castro a travè peyi Kiba nan yon pwosesyon kap dire 3 jou e ki pral swiv rout jèn revolisyonè Fidel Castro ak konbatan rebèl ki te sou lòd li yo te pase lè yo tap avanse sou la Avan anvan yo te pran pouvwa a nan mwa janvye 1959.

Yap antere Fidel Castro le 4 desanm nan simityè Santa Ifigenia nan vil Santiago de Cuba.

XS
SM
MD
LG