Accessibility links

Breaking News

8 Elèv klas Segondè Mouri nan yon Eboulman Nèj nan Peyi Japon


Sekouris kap monte nan mòn nan pou al ede etidyan ki bloke nan nèj kote moun kon al pratike ski nan vil Nasu, Tokyo, Japon, (Foto: Kyodo/via REUTERS. Lendi 27 mas, 2017.
Sekouris kap monte nan mòn nan pou al ede etidyan ki bloke nan nèj kote moun kon al pratike ski nan vil Nasu, Tokyo, Japon, (Foto: Kyodo/via REUTERS. Lendi 27 mas, 2017.

Otorite peyi Japon yo fè konnen 8 elèv lekol segondè sanble pèdi lavi yo apre yo te bloke nan yon eboulman ki fèt nan yon enstalasyon kote moun pratike ski nan lès Japon.

3 lòt elèv soti blese. Gen yon pwofesè pou pi piti ke sekouris yo poko jwenn.

Dapre otorite japonè yo, elèv yo tap patisipe nan yon ekzèsis grenpe monte mòn maten lendi 27 mas 2017 la nan bouk Nasu, nan distans anviwon 175 kilomèt ak pati nò kapital la, Tokyo.

Otorite nan prefekti Tochigi yo di gen apeprè 50 elèv ak 10 pwofesè ki soti nan 7 lekol segondè e ki te nan vwayaj nan mòn nan.

XS
SM
MD
LG