Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Inyon Ewopeyèn Nan Adopte Yon Deklarasyon Kont Teworism


Prezidan ameriken Barack Obama deklare nan entwodiksyon rapò sou Strateji Sekirite Nasyonal amerikèn pou ane 2010 la li pran angajman bati e entansifye patenarya nan chak rejyon e ranfòse standa entènasyonal ak enstitisyon yo. Youn nan egzamp angajman Lèzetazini pou bati e kore patenarya sa a se adopsyon, sa pa gen lontan, deklarasyon 2010 sou teworism nan, kote Etazini ak Inyon Ewopeyèn nan ap chèche tabli yon plan dirab pou konbat teworism atravè lalwa. Deklarasyon 2010 la fè remake yon apwòch efikas e global pou redui nan mwa ak ane k ap vini yo menas ekstremis vyolan an se yon eleman enpòtan nan efò Lezetazini ak Inyon Ewòp la pou konbat teworism. Pou reayalize objektif sa a, Deklarasyon 2010 la rekonèt wòl enpòtan Sosyete Sivil la pou ede izole teworism nan, menm jan li enpòtan pou panche sou kè sote lejitim minorite yo ak kè sote endividyèl moun genyen sou dwa sivik ak libète sivil yo.

Etazini ak Inyon Ewòp la pran angajaman tou pou yo ranfòse, ankouraje e pataje enfòmasyon, kowopere pou prevni, ankete, e jije tout krim ki gen pou wè ak teworism. Deklarasyon an mete aksan tou sou kowoperasyon pou ranfòse sekirite sou fwontyè, bloke finansman teworis yo, kore politik kont pwopagasyon nikleyè a, epi fè pwomosyon plan anti teworisn Nasyonzini an.

Nan moman Lèzetazini ak Inyon Ewòp la ap pran mezi pou prevni e konbat teworism, yo rekonèt tou ke yo dwe pwoteje valè moral yo pataje, tankou respekte lavi prive chak moun e adopte mezi pou konbat teworism ki respekte angajman yo vizavi dwa entènasyonal la; tankou respè dwa zimen. Dokiman an mete aksan tou sou pwoteksyon anviwonman kote moun kapab egzèse libète relijyon ak libète ekspresyon yo.

"Adopsyon deklarasyon 2010 la, se yon pa ann avan enpòtan nan lit Lèzetazini ak Inyon Ewopeyèn nan ap mennen kont teworism nan. Li demontre angajman komen nou pou nou pwoteje sitwayen nou yo kont teworism, men, avèk mezi ki konfòme avèk lwa yo, valè moral nou yo, angajman nou pou n pwoteje lavi prive sitwayen nou yo." Deklarasyon minis Jistis ameriken an Erick Holder ki kontinye pou l di, kolaborasyon avèk patnè ewopeyen yo pou pwoteje sekirite sitwayen nou yo, se kle pou reyisit nou nan lit kont teworism nan.

Holder ajoute : "Nou menm ak patnè nou nan Inyon Ewopeyèn nan pran angajman pou nou travay ansanm pou konbat menas teworism nan e pwoteje valè nou pataje ansanm, tankou libète, demokrasi, respè dwa entènasyonal, eta de dwa ak dwa zimen."

XS
SM
MD
LG