Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl: Sispenns la Prèt pou Sispann. Clinton ou Trump. Se Istorik!


Trump/Clinton
Trump/Clinton

Ozetazini, kanpay prezidansyèl 2016 la preske fini. Nan jounen lendi 7 novanm nan, 2 kandida yo --demokrat Hillary Clinton ak repibliken Donald Trump—te mete sou pye yon maraton kote yo fè kanpay tribò-babò yon jou anvan dewoulman eleksyon an.

Donald Trumop ki tap mennen kanpay nan jounen lendi 7 novanm 2016 la,
Donald Trumop ki tap mennen kanpay nan jounen lendi 7 novanm 2016 la,

Milyadè Donald Trump, ki pa janm mete dlo nan bouch li pou l pale, mete fen nan premye kanpay li Mennen nan vi li pou yon pòs elektif, kote li pran wout 5 Eta nan yon efò pou li pase yon vitès siperyè sou rival demokrat li a, Hillary Clinton ki , dapre sondaj yo , byen kapab tounen premye fanm ki eli prezidan Ozetazini. Ansyen Sekretè Deta a, li menm, fè 4 eskal nan 3 Eta: Pennsilvani, Michigan ak Kawolin di Nò, swa 3 eta Donald Trump vizite nan menm jounen; sepandan kandida repibliken an ajoute 2 lòt Eta sou itinerè pa li a: Florid ak New Hampshire.

Prezidan Obama ki tap pale nan Eta New Hampshire nan yon meeting kanpay Clinton nan te òganize.
Prezidan Obama ki tap pale nan Eta New Hampshire nan yon meeting kanpay Clinton nan te òganize.

Nan menm jounen lendi a, Prezidan Barack Obama te pran lapawòl nan Eta New Hampshire tou kote li te kontinye kanpay li tap mennen an favè Madan Clinton. Misye Obama patisipe nan divès meeting pou l eseye kore chans pou Madan Clinton ranplase li nan La Mezon Blanch; li panse avèk Hillary Clinton kòm prezidan ameriken pandan 4 ane kap vini yo, gen gwo garanti pou eritaj li kòm yon lidè ki pote divès chanjman nan peyi a prezève e kontinye.

XS
SM
MD
LG