Accessibility links

Breaking News

Desizyon pou Retire Twoup Militè Brezilyen yo ann Ayiti Pa Depann De Peyi Brezil Dapre Anbasadè Fernando Vidal


Anbasadè Fernando Vidal, reprezantan peyi Brezil ann Ayiti
Anbasadè Fernando Vidal, reprezantan peyi Brezil ann Ayiti

Anbasadè Brezil la ann Ayiti, Fernando Vidal, di Lavwadlamerik se yon fo nouvèl kap sikile e ki fè kwè otorite brezilyen yo ta deside retire kontenjan militè yo a nan MINUSTAH (Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti).

Anbasadè Vital fè konnen manda MINUSTAH gen pou l rive nan bout li nan mwa Avril 2017 kap vin an. Dapre li, se sèl Konsèy Sekirite Nasyon Zini an ki kapab pran desizyon pou retire twoup brezilyen yo ann Ayiti e ke sa pa depann de otorite nan peyi Brezil jan rimè yo ta vle fè konprann li an.

Anbasadè Vidal demanti tout sous ki ta vle fè kwè otorite yo nan Brezil ta deja anonse yo pral fè retrè branch militè yo a nan MINUSTAH.

Mesye Vidal fè deklarasyon sa a sou Lavwadlamerik nan yon entèvyou ak Jean Pierre Leroy nan dat vandredi 24 fevriye 2017 la.

Klike sou lyen odyo a pou tande deklarasyon Anbasadè Brezil ann Ayiti a Fernando Vidal nan mikwo Jean Pierre Leroy.

Deklarasyon Anbasadè Brezil la ann Ayiti, Fernando Vidal, nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:35 0:00

XS
SM
MD
LG