Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Bolivi : Travayè Min Touye Vis-Minis Enteryè a, Rodolfo Illanes


Travayè min endepandan nan Bolivi ki tap tope kòn yo ak lapolis pandan yon manifestasyon nan vil Panduro nan jounen jedi 25 out 2016 la.
Travayè min endepandan nan Bolivi ki tap tope kòn yo ak lapolis pandan yon manifestasyon nan vil Panduro nan jounen jedi 25 out 2016 la.

Nouvèl ki sòti nan peyi Bolivi fè konnen kèk travayè min kidnape vis minis enteryè peyi a, Rodolfo Illanes, epi yo touye li. Minis prezidans la, Carlos Romero, mande travayè min yo pou yo retounen kadav la bay otorite yo e li deklare zak sa a se “yon asasina lach e brital.”

Vis Minis Enteryè a te genyen 56 an. Li te ale nan vil Panduro, sou yon distans 160 kilomèt ak kapital la, La Paz, pou l te pale ak travayè yo epi fè negosyasyon avèk yo sou lwa konsènan eksplwatasyon min yo.

Travayè yo egzije pou otorite yo chanje lwa yo e, nan jounen madi 23 out 2016 la, yon mouvman pwotestasyon te tounen yon manifestasyon vyolan apre patisipan yo te deside bloke otowout yo epi tonbe nan lese-frape ak lapolis. Ansuit travayè yo te aksepte pou yo fè negosyasyon ak gouvènman an nan jounen vandredi 26 out la.

Manifestan yo ta renmen tire plis benefis nan eksplwatasyon min yo mete sou dwa pou yo travay pou konpayi prive ak etranje, epi pou yo gen yon pi gwo reprezantasyon sendikal. Daprè laprès lokal, anvan otorite yo te rive konfime lanmò Misye Illanes, yon direktè radyo te fè konnen li wè kadav vis minis enteryè a ak 2 je li.

XS
SM
MD
LG