Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sid: Meri Vil Okay la Kreye yon Kò 20 Polis Minisipal pou Ranfòse Travay Polis Nasyonal la


Kat Jewografik peyi D Ayiti ki montre yon pati nan zòn sid la, Okay.
Kat Jewografik peyi D Ayiti ki montre yon pati nan zòn sid la, Okay.

Nouvo chèf meri Okay la, ansyen Senatè Gabriel Fortuné, deside mete sou pye yon gwoup ajan Polis Kominal ak Sèvis Sivik Volontè nan vil la. Jovenel Moise, kandida venkè nan eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 la ki nan faz kontestasyon, di li felisite desizyon majistra Fortuné pou desizyon sa a.

Dimanch premye janvye 2017 la se okasyon jounen selebrasyon atravè peyi a pou make 213èm anivèsè endepandans d Ayiti. Nan okasyon sa a, otorite minisipal yo nan Okay pwofite lanse ofisyèlman yon kò polis minisipal ki pral travay akote polis nasyonal la pou ranfòse sekirite a nan seksyon kominal yo. An menm tan, otorite Meri Okay yo fè konnen gen yon gwoup anviwon 2 mil jèn sèvis sivik volontè ki pral ede nan rekonstriksyon vil la ki te sibi gwo domaj apre pasaj siklòn Matthew nan mwa doktòb pase a.

Jovenel Moise, kandida prezidansyèl venkè sou banyè pati politik PHTK nan eleksyon 20 novanm 2016 yo.
Jovenel Moise, kandida prezidansyèl venkè sou banyè pati politik PHTK nan eleksyon 20 novanm 2016 yo.

Kandida prezidansyèl venkè sou banyè pati politik PHTK a, Jovenel Moise, ki t ap patisipe nan seremoni lansman ajans minisipal sa yo deklare se youn nan plan politik li pou tout meri nan peyi a dote yo de yon fòs polis minisipal.

Ansyen Senatè Gabriel Fortuné, nouvo patwon enstitisyon kominal vil Okay la.
Ansyen Senatè Gabriel Fortuné, nouvo patwon enstitisyon kominal vil Okay la.

Ansyen Senatè Gabriel Fortuné, nouvo patwon enstitisyon kominal vil Okay la di bò kote pa li, se yon dwa konstitisyonèl meri yo genyen pou kreye ajan polis minisipal yo ki sipoze travay nantèt kole ak Polis Nasyonal la pou blayi plis sekirite nan seksyon kominal yo.

Korespondan Lawadlamerik nan sid peyi d Ayiti, Jean Hernst Eliscar ki te prezan nan seremoni sa ap vin ak plis detay nan odyo ki anba tèsk la.

Klike sou lyen odyo a pou tande deklarasyon Majistra Gabriel Fortuné ak kandida alaprezidans Jovenel Moise nan mikwo Jean Hernst Eliscar

Deklarasyon Majistra Gabriel Fortuné ak kandida alaprezidans Jovenel Moise nan mikwo Jean Hernst Eliscar.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:42 0:00

XS
SM
MD
LG