Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Nouvèl: Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la Reponn Konvokasyon Komisyon Sekirite Sena a Pou Debat Klima Ensekirite a


Premye Minis Ayisyen an, Jack Guy Lafontant
Premye Minis Ayisyen an, Jack Guy Lafontant

Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) reponn envitasyon Komisyon Jistis ak Sekirite Sena a pou vinn bay detay sou ensekirite a k ap ogmante nan peyi a dènye jou sa yo. Premye Minis Jack Guy Lafontant, prezidan Konsèy Siperyè Polis la pwomèt yon meyè repons ak fenomèn ensekirite a kap vale teren nan peyi a.

Bò Kote pa l. prezidan Komisyon Sekirite a nan Chanm Wot la, Senatè Jean Renel Senatus, montre li pa satisfè ak enfòmasyon responsab yo bay pandan rankont la. Senatè Senatus anonse yon lòt seyans travay pou madi 27 jen kap vini an.

Dosye Salè Minimòm pou Ouvriye Faktori yo

Prezidan Asosyasyon Endistri Dayiti a, George Sassine, salye enstalasyon nouvo Konsèy Siperyè Salè a (CSS) ki gen 12 jou pou prepare yon avan-rapò ki pral ede sektè konsène yo antann yo sou ogmantasyon salè minimòm nan. Mesye Sassine fè konnen sektè endistri a ap pare l pou l fè yon ajisteman salè 10% san l pa tann rapò CSS la.

XS
SM
MD
LG