Accessibility links

Breaking News

Gwoup Eta Islamik la Menase Peyi Iran ak Plis Atak Teworis


Manm lame iranyen an kap chache abri nan moman yon gwoup teworis te lanse yon atak sou Palman peyi a. 7 jen 2017, sant Teheran, Iran. 17 moun pou pipiti pèdi lavi yo nan atak sa a.
Manm lame iranyen an kap chache abri nan moman yon gwoup teworis te lanse yon atak sou Palman peyi a. 7 jen 2017, sant Teheran, Iran. 17 moun pou pipiti pèdi lavi yo nan atak sa a.

Ministè Ransèyman Iran an fè konnen, 8 jen 2017 la, 5 nan mesye yo ki te mele nan atak sou palman peyi a ak sou tonm ansyen lidè Ayatollah Ruhollah Khomeini sete moun peyi Iran ki te antre nan gwoup Eta Islamik la.

Ministè a fè konnen mesye yo te goumen pou Eta Islamik nan vil Mosoul ann Irak, e nan vil Raqqa nan peyi Siri, anvan yo te retounen nan Iran nan mwa Daout ane pase. Otorite iranyen yo monte bilan atak mèkredi 7 jen 2017 la kote 17 moun mouri ak 40 lòt blese.

Se 2 atak ak mitrayèt 2 kamikaz te lanse prèske menm lè kote gwoup Eta Islamik la te revandike l, e ki ka deklannche yon nouvo seri batay nan Mwayenn Oryan an ki deja anba gwo tansyon.

XS
SM
MD
LG