Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Miltipliye Operasyon Li yo Nan Pòtoprens Apre Tranblemann' tè a


Nan yon entèvyou anbasadè Etazini ann Ayiti a, Kenneth Merten, bay “ALHURRA”, li fè konnen:

"Objektif Etazini se te deplwaye ekip sovtaj pou ede ayisyen ak lòt patnè intènasyonal voye je, fouye anba bilding ki kraze pou chèche moun ki vivan toujou ." Jiskaprezan, tout ekip intènasyonal ki la yo deja jwenn 75 moun vivan toujou anba debri yo. Gen 4 ekip sovtè ameriken ki la pou sa. Genyen tou yon lòt ekip militè ameriken ki sou plas paske gouvènman ayisyen an mande pou li dirije operasyon ayewopò. Apre tranblemann' tè a, tou kontwòl ayewopò andomaje….materyèl li kraze ….yo pat genyen mwayen pou yo te kontinye fè li fonksyonen. Se pou sa prezidan ayisyen an mande mwen si Etazini te gen mwayen voye yon ekip isit la pou sa. Nou fè sa yo mande. Moun sa yo ap dirije perasyon nan ayewopò a 24 trè sou 24, yon kapasite gouvènman ayisyen an pat genyen anvan".

Anbasadè merten kontinye pou l' di "Nou genyen tou yon pòt-avyon ki tou pre kòt Ayiti avïk elikoptè ak yon bann pwodwi imanitè: dlo, manje, medikaman, elatriye. Elikoptè yo ap fè va-e-vyen pou distribye asistans depi pon pòt-avyon an ak lòt bato ki nan pò san bliye aparèy ki nan ayewopò a yo tou. Lè nou rive nan mitan semèn nan, pral genyen apeprè 3.500 militè ameriken ann Ayiti pou kore operasyon lojistik yo pou pèmèt distribisyon asistans la bay moun yo kote yap viv la…epi si nesesè, ede LONU bay sekirite si yo mande nou. Nou genyen tou ekip injenyè kap egzamine kay yo. E sa ki pi enpotan toujou, yap fè yon egzamen wàf Pòtoprens la ki sibi anpil dega... Nou bezwen repare pò a pou manje ak lòt ekipman kapab kòmanse retounen ankò nan peyi Dayiti".

Se te deklarasyon anbasadè Etazini an ann Ayiti, Kenneth Merten, nan yon entèvyou li te bay “ALHURRA” sou sitiyasyon an ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG