Accessibility links

Breaking News

Sekouris kap ede Ayiti yo di Efò Sekou yo Kòmanse Bay Rezilta


Ann Ayiti: Sekouris kap pote asistans-yo di efò-yo komanse jwenn bon rezulta, men frustrasyon-yo ap ogmante nan Potoprens kote moun-yo pa kontan poutèt manke manje ak dlo epi yon gouvennman ki pa pran dispozisyon pou ede yo nan sikonstan la. Otorite-yo di se tou patou nan vil la ou jwennn tèren ote yo enstale lopital enpwovize ak sant distibusyon asistans, aloske kantite vol avyon-yo ap ogmante nan Ayewopò entènasyonal-la. Pwogram Alimantasyon Mondyal, (PAM) gen pwojè pou-l distribye manje bay 95 mil moun nan kapital-la Jodi lendi-a. Men ayisyen-yo ki sot pase plizyè jou san manje, fè konnen kantite manje-a pa ase. Sekretè jeneral Nasyonzuni-an, Ban Ki- moon promèt pou-l fè akselere transpò ak distribusyon asistans-la. Miye Ban pral bay Konsèy Dekirite-a yon rapö sou situyasyon Ayiti-a Jodi lendi-a, aprè yon vizit li te fè nan Pòtoprens yè dimanch-a.

Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ap vwayaje Jodi lendi-a ann Ayiti kote lap akonpaye yon gwo pwovizyon sekou e li gen pou l rankontre avek prezidan Rene Preval. Ayisyen-yo ap plenyen pou yo di msye Preval preske absan sou sèn-nan depi tranbleman de tè-a te plati preske tout Potoprens semèn pase-a. Plizyè dizèn milye kadav antere nan fòs komun. Daprè otorite ayisyen-yo, gen apeprè 200 mil moun ki mouri. Lezetazuni – ki nan tèt efò sekou-yo-- pran direksyon ayewopö entènasyonal-la e li deplwaye plizyè milye solda pou ofri sekurite pou sekouris kap pote asistans durjans- yo. Nouvel-yo rapote kèk zak violans ak piyaj ki fèt nan Potoprens pandan moun yo ap vin pi dezespere poutèt manje ki manke.

Lèzetazini ap voye plis twoup militè nan peyi Dayiti nan moman plizyè dizèn milye ayisyen ki sòti vivan nan gwo tanbleman de tè ki te frape peyi-yo madi 12 janvye pase-a, kontinye ap rete tann manje ak swen medikal kap sòti a letranje. Plis pase 2 mil mèrin genyen pou debake jodi lendi a nan Pòtoprens kote yo pral rejwenn 5 mil sòlda ameriken ki te deja nan rejyon an.

Toujou reyaksyon sou sou sitiyasyon tranblemand-tè-a kreye nan peyi Dayiti : Unyon Ewòp-la ofri yon asistans ki depase 575 milyon dola pou l ede peyi-a rekanpe sou pye l aprè gwo sou-kous-la. Responsab-an-chèf politik entènasyonal Uynon-an, Catherine Ashton, anonse dirijan ewpeyen-yo –ki te fè yon rankont dujans Jodi lendi-a nan vil Brusèl-- pral mete kòb sa-a touswit a la dispozisyon Ayiti. Madam Ahston kontinye pou l di peyil Lafrans lanse apèl pou l mande yon konferans entènasyonal anvan lontan sou Ayiti, men li pa presize ni kilè ni ki kote.

Asistans Unyon Ewòp-la se youn nan dènye kontribi-syon an dat peyi donatè-yo ofri Ayiti, e li reprezante youn nan pi gwo plan-dèd kominote entènasyonal-la mete sou pye depi sounami ki te frape kontinan azyatik-la an 2004. Otorite-yo nan peyi Dayiti fè konnen tranblemandtè 12 janvye pase-a touye jiska 200 mil moun, e lage plizyè santèn de milye lòt nan gran-gou oubyen san kay pou yo rete. Ayisyen ki chape anba gwo kokenn soukous sa-a e kap viv nan mitan pil debri-yo, kòmanse pèdu pasyans poutèt gwo lantè yo konstate nan livrezon manje, dlo ak lot pwovizyon sekou yo

Tankou nou di l déjà, yè dimanch-la, sekretè jeneral l'ONU-an, Ban Ki-moon,--ki te fè deplasman nan Potoprens—pwomèt pou l fè akselere yon gwo kantite èd umanitè ke --daprè li-- populasyon sinister-a ann Ayiti tèlman bezwen. Chèf òganizasyon mondyal-la te ale Potoprens pou l te konstate dega tranbleman detè-a ak pwop je pa-li, evalye efò sekou kap fèt-yo, prezante pèsonèlman kondoleyans-li bay gouvènman ayisyen-an, e eksprime apui li pou pèp peyi Dayiti-a.

Domaj yo, destruksyon yo, kantite moun ki mouri yo, se yon bagay ki ekrazan. Poutét sa, nou bezwen asistans entènasyonal ke moun pa janm wè anvan pou ede pèp ayisyen-an.

Chèf Nasyonzuni-an te pale ak jounalis ki te abò avyon ki te soti Nouyok pu mennen n Ayiti a. Avyon-an te gen abò-l plizyè gwo konseye misye Ban, lòt anplwaye Nasyonzuni ak pwovizyon sekou. Msye Ban di Nasyonzuni gen 3 priyorite kounye-a an'Ayiti.

Premyèman, nou gen pou-n sove la vi ; pi gwo kantite vi ke posib. Nou preske pa rete tan devan-nou ankò. Sa fè déjà 4 jou, men gen espwa ke nou kapab sove pi plis vi toujou.

Oganizasyon Nasyon Zuni espere bay tou --an urjans- asistans umanitè ke victim-yo bezwen, tankou Tant, dlo, ekipman medical ak lot sèvis. Msye Ban di distribusyon manje-a ap ameliore e kounyela-a Nasyonzuni bezwen nouri omwen 40 mil moun pa jou. Lot priyorite Nasyonzuni se kowòdone pakèt asistans entènasyonal kap vide sou Ayiti jounen jodi-a.

Nou pa dwe gaspiye mènm yon sèl grènn bagay, nou pa dwe gaspiye pa mènm yon dola.

Daprè kalkil La Kwa Rouj ak Nasyonzuni fè, plis ke 40 mil moun mouri nan Tranbleman de tè-a. Pami yo, genyen 40 gadyen lapè ak anplwaye sivil MINUSTAH (Misyon Nasyon Zuni pou Stabilizayon ann Ayiti-a).. Msye Ban di pou Nasyonzuni, sa se pèt ki pi grav Oganizasyon-an subi nantout istwa-l. Li ajoute Oganizasyon-an pèdi anpil kòlèg ki chè pou li –pami yo nou jwenn chèf Misyon-an an'Ayiti, Heidi Annabi, ki te gen preske 30 tan depi li tap travay pou L'ONU, epi genyen tou sou direktè sivil MINUSTAH-a, Luis Carlos da Costa.

Mwen krènn pou pa gen plis kollèg toujou ki viktim, paske nou pako konnen sak rive yo; nou dwe prepare n pou senaryo ki pi mal la. Men, Nasyonzuni pral kontinye travay.

Deklarasyon Ban Ki-moon, sèkretè jeneral Oganiza-syon Nasyon Zuni, ki te vizite peyi Dayiti yè dimanch 17 janvye-a. Daprè kalkil l'ONU fè toujou, yon tyè nan tout populasyon ayisyèn-nan twouve l nan bezwen asistans, aprè gwo kokenn tranbleman-de-tè semèn pase-a, e genyen o-mwen yon milyon moun ki pa gen kay pou yo rete.

Youn nan pèsonalite ki te akonpaye secretè- jeneral l'ONU-an, Ban Ki moon, ann Ayiti, se Micehlle, Montas, ansyen pòtpawòl misye Ban, ki bay Radio MINUSTAH nan Potoprens yon entèvyou kote Madam Montas di sitiyasyon-an nan peyi Dayiti, se yon bagay pèsonn moun pat janm ka imajine.

Sete Micehlle, Montas, ansyen pòtpawòl sèkretè jeneral Oganizasyon Nasyon Zuni, Ban Ki-moon, nan mikwo yon kòlèg Radio MINUSTAH, nan Potoprens.

Toujou nan kad asistans peyi Dayiti ap resevwa, aprè tranbleman de tè ki fè plizyè milye mò e koze dega moun poko ka evalye nan peyi-a, yon bato-lopital ameriken, USNS COMFORT, déjà sou wout pou kòt peyi-a, nan kad yon misyon ki rele Operation Unified Response --oubyen : Operasyon Repons Unifye » ke Lèzetazuni mete sou pye.

Moun ki pale la, se lyetnan-kòmandan Dan D'Aurora, responsab direksyon ki la pou kontwole dezas, dega ak viktim, sou bato USNS Comfort-la. Li di : Pou sa k konsène kapasite bato-a, kantite kabann pou blese ou malad, li genyen 50 kabann. 12 sal d'operasyon, 20 kabann pou malad reprann-yo aprè operasyon, 80 kabann pou swen entansif, 400 sal pou swaye malad ki bezwen swen imedyatman e 500 sal pou swaye moun ki pa grav.

Vwa nap tande la-a, se vwa Ofisye Joe Krans. Li te déjà patisie nan misyon bato-polital-la te reyalize ann Ayiti nan le pase; men se premye fwa lap fè pati yon misyon kap reponn aprè yon dezas.

Ofisye Krans di : Misyon sa-a totalman diferan paske , tankou w konnen, nan lot misyon-yo mwen te kapab deplase nan peyi Dayiti nan kèk kote ki pat danjre; nou te ka konstate anpil mizè, e sete tris. Men kounyela-a, se byen malere ke nou prale pran sant lanmò.

Samdi pase-a, anvan bato USNS Comfort te kite pò-datach li, nan vil Baltimore, tou prè Washington, kòmandan Lamarin de Gè Lèzetazuni, Doktè Adam Robinson, te genyen mesaj sa-a pou plizyè santèn manm ekipaj-la, fanm kou gason, ki te rasanble pou koute l.

Mswen te ranpli yon misyon umanitè ann AYiti. Mwen te genyen pwofesyonèl medikal avèk mwen laba-a. Mwen te wè ki kalte presyon, stress, ki peze sou moun kap patisipe nan misyon umanitè ann AYiti. Tou sa, sete san yon tranbleman detè. Ebyen, nou pral genyen pou n fè fas ak tou sa, plis yon trableman detè.

Doktè Robinson fè konnen li atann-ni aske pèsonèl ak materyèl medikal Lèzetazini ak voye ann Ayiti la-a, pral rete nan peyi-a pandan o-mwen 6 mwa, e menm pi lontan pase sa toujou.

XS
SM
MD
LG