Accessibility links

Breaking News

Ban Ki-moon Mande Plis Sòlda ak Polisye Pou MINUSTAH


Sekretè-Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, retounen sòt' nan yon vizit maraton nan peyi dAyiti, kote li konstate ak 2 je l' dega konsiderab tranbleman de tè 12 janvye a koze. Lendi, Msye Ban mande Konsèy Sekirite a ranfòse MINUSTAH, kidonk misyon entènasyonal pou stabilize Ayiti a. Ban Ki-moon mande 3-mil-500 sòlda ak polisye vit e prese, pou mete sou sa ki deja sou teren an ann Ayiti.

Sekretè-Jeneral-la di, “Mwen rekòmande Konsèy Sekirite a pou li mete Mil-500 polisye L’ONU nan misyon an, swa 67 pousan nivo aktyèl la. Mwen rekòmande tou pou Konsèy la ajoute 2-Mil sòlda sou efektif militè MINUSTAH yo, sa ki reprezante prèske 30 pousan. Ogmantasyon sa a se pou yon peryòd 6 mwa.”

Ban Ki-moon pale konsa jodi a, apre li te rantre soti Pòtoprens, kote li t'al manifeste pèp ayisyen an apui li, apre trajedi sa a. Nan yon rankont ak laprès, Chèf Nasyonzini an, te fè yon deklarasyon an Kreyòl, anvan li te reponn kèk kesyon.

Ansyen Pòt-pawòl Ban Ki-moon, Michèle Montas, t'ap tradui pou Sekretè-Jeneral la. Madam Montas, li-menm, te reyaji sou radyo MINUSTAH nan Pòtoprens. Li di, "Ayiti se yon peyi ki ajenou jounen jodi a....

XS
SM
MD
LG