Accessibility links

Breaking News

Pou Komemore Endepandans Ayiti


Jodi premye janvye 2010 la, se anivèsè endepandans yon zanmi depi dikdantan e yon zanmi pre Lèzetazini: Repiblik Dayiti. Nan okazyon sa a, Sekretè Deta Hillary Clinton, nan non prezidan Obma ak nan non pèp ameriken an, felisite pèp ayisyen an nan moman lap selebre 206 zyèm anivèsè endepandans peyi li.

Sekretè Deta Clinton di: Se yon okazyon pou Lèzetazini onore istwa ak eritaj Ayiti epi sonje ewo ki te fonde premye Repiblik Nwa a, pa senpleman figi anblematik tankou Toussaint Louverture, Jean-Jacques Dessalines ak Alexandre Pétion, men tou kolonn gason ak fanm ki te leve kanpe pou defann dwa yo pou yo viv antanke moun lib e kite yon eritaj libète pou pwochen jenerasyon yo. “Reyalizasyon mesyedam sa yo te chanje figi mond nou an e istwa yo kontinye ap enspire moun jouk jounen jodi a”.

Sekretè Deta Clinton salye tou kontribisyon ameriken dorijinn ayisyèn yo pote nan kilti ak pwosperite Lèzetazini. “2 nasyon nou yo soude ak lyen solid zanmitay e ak lyen lafanmi solid”.

Politik Lèzetazini vizavi Ayiti se ankouraje e kore demokrasi epi ede peyi a devlope. Lèzetazini apiye e fasilite komès bilateral ak envestisman ansanm ak migrasyon e vwayaj legal. Lèzetazini ap jwe yon wòl lidè nan rasanble kominote entènasyonal la pou’l travay avèk Ayiti. Nap pale de kolaborasyon sere nou ak òganizasyon Eta Ameriken yo---patikilyèman, atravè “Gwoup Zanmi Ayiti” sekretè jeneral OEA a, kominote karibeyen an e ak chak peyi endividyèlman, pou reyalize objektif sa yo.

Sekretè Deta Clinton di: Lèzetazini te kanpe bò kote Ayiti apre siklòn trajik ane 2008 yo, e nou deside mentni angajman pou n sèvi kòm yon patnè e yon zanmi pou peyi a. Chèf diplomasi Etazini an di pou fini: “nou prezante ve ki chaje chalè nou bay pèp ayisyen an pou yon ane pasifik e yon ane ki pote pwosperite.

Nan moman 2010 la tanmen la a, se sekretè Deta Hillary Clinton kap pale toujou: Ayiti nan pozisyon pou’l bati yon avni solid; pre pou asire yon wòl lidè pou reyalize pwòp kwasans ekonomik li, amelyore sante popilasyon li e asire sekirite sitwayen li yo”.

XS
SM
MD
LG