Accessibility links

Breaking News

Mwayen Noryan: Tande Vwa Pèp Israelyen Ak Vwa Pèp Palestinyen an


Repriz negosyasyon lapè Mwayen Noryan yo ant izraelyen ak palestinyen se yon gwo priyorite politik etranjè pou gouvènman prezidan Barack Obama a.

Nan non prezidan an ak sekretè Deta Hillary Clinton, anvwaye espesyal pou rejyon an, George Mitchell, ap travay etwatman ak premye minis israelyen-an, Benjamin Netanyahu, prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas alye arab nou yo nan rejyon an e ak patnè nou nan “Quartet” la: Larisi, Inyon Ewòp la ak Nasyonzini pou relanse negosyasyon yo.

Men difikilte yo anpil nan rejyon sa a kote radikal nan chak kan yo chak jou ap kreye nouvo pwovokasyon.

Neanmwen, dapre divès sondaj opinyon, yon gwo majorite moun sitiasyon aktyèl la plis afekte, Israelyen kou palestinyen, anvi yon solisyon pou konfli a yon fwa pou tout. Sondaj ki fèt bò kote israelyen ak palestinyen yo montre bon jan sipò anfavè solisyon 2 Eta a pou rezoud konfli israelo palestinyen an.

Nan mwa jen an, anketè Mouvman “Yon Vwa-a” --yon gwoup entènasyonal de baz kap travay pou kore mwa modere israelyen e palestinyen yo--te mande israelyen ak palestinyen kap viv nan Sis-Jordani ak Gaza “ki solisyon yo panse ki pi pratik pou jwenn yon fen nan konfli a ?

Apeprè 71 pousan palestinyen ak 77 pousan israelyen di yo kwè negosyasyon yo se yon nesesite, tandiske 78 pousan palestinyen ak 74 pousan israelyen panse negosyasyon yo ta dwe vize yon akò lapè ki pral debouche sou egzistans 2 Eta kap viv kòt a kòt nan lapè e nan sekirite.

Sondaj sa yo montre klè ke lidè israelyen ak lidè palestinyen yo genyen apui yon gwo majorite sitwayen yo pou yo relanse konvèsasyon lapè yo e negosye yon akò ki chita sou solisyon 2 Eta a.

Lèzetazini mande tout pati yo pou yo pran mezi siyifikatif e istorik ki va ede yo jete fondasyon pou repriz bon jan negosyasyon kap pote rezilta e debouche san pèdi tan sou siyati yon akò lapè pou kreasyon yon Eta palestinyen endepandan kap viv kòt a kòt ak Israel yon fason pou lapè kapab definitivman blayi nan tout rejyon Mwayen Noryan an.

XS
SM
MD
LG