Accessibility links

Breaking News

Florid: Pwosè Dokiman Sekrè Trump la Retade

FILE - Former US President Donald Trump delivers remarks during an event following his arraignment on classified document charges, at Trump National Golf Club, in Bedminster, New Jersey, June 13, 2023.

Pwosè sou dokiman sekrè ke lajistis di ansyen prezidan Donald Trump te kenbe lakay li ilegalman apre lite kite Mezon Blanch la ki te sipoze fèt nan Eta Florid, li ranvwaye pou yon dat ke tribinal pako fikse.

Jij ki ap jere dosye sila pran desizyon sa ayè madi 7 May a, sa ki redwi chans pou Trump fè fas ak jiri anvan eleksyon Novanm lan, e se youn nan de ka kriminèl ke lajistis federal gen kont li.

Trump te plede non koupab pou 40 akizasyon federal ke yo te mete kont li yo, ki te akize l kòmkwa li te kenbe dokiman sekirite nasyonal sansib nan kay prive li Mar-a-Lago li nan Florid apre li te kite Mezon Blanch an 2021, epi akizasyon an li te batay kont efò gouvènman ameriken an pou repran dokiman yo.

XS
SM
MD
LG