Accessibility links

Breaking News

Lapolis Pran Pozisyon tou Pre Kay Rapè Drake nan Toronto Apre yon Fiziyad


Foto Achiv: Drake pandan seremoni remiz pri mizik Billboard yo nan Las Vegas, 1 Me, 2019.
Foto Achiv: Drake pandan seremoni remiz pri mizik Billboard yo nan Las Vegas, 1 Me, 2019.

Yon gwo prezans polisye bloke yon zòn devan kay rapè popilè Drake nan vil Toronto, Kanada apre yon fiziyad ki fèt tou pre nan nuit la.

Kay vedèt la, ki sitye nan katye boujwa ki rele Bridle Path la gen kòdon lapolis ki bloke li, epi moun te ka wè lapolis ak plizyè machin polisye nan lari a.

Otorite yo pa konfime okenn koneksyon ant Drake ak fiziyad la e yo pa di non plis si li te lakay li lè ensidan an rive. Reprezantan rapè Drake pat reponn demann Associated Press te fè pou komantè.

Paul Krawczyk se enspektè lapolis kap travay sou dosye a

"Mwen konnen anpil moun enterese nan ensidan sa a e mwen espere ou ka apresye tou ke enfomasyon nou genyen trè limite pou kounyea. Sa mwen konnen map di nou e ma reponn kestyon nou nan fen konferans pou lapres la. Maten an a 2 ze lapolis reponn yon apèl ki fè konnen gen yon moun kap tire nan rezidans ki dèyè mwen la a. Lè lapolis rive, yo jwenn yon gason ki te blese pa bal. Yo mennen misye lopital kote li nan kondisyon grav. Moun sa a sanble tap travay kom gad sekirite nan rezidans la. Li te kanpe devan baryè rezidans la lè ensidan an rive. Nou konnen endividi ki patisipe nan ensidan an te nan yon machin. Nou pa gen deskripsyon ni sispek yo ni machin yo pou kounyea. Anko map souliyen anket la fek komanse."

Yon gad sekirite devan kay Drake apre yon ensidan ak zam tou pre kay vedet la nan vil Toronto, Ontario, Kanada, 7 Me, 2024.
Yon gad sekirite devan kay Drake apre yon ensidan ak zam tou pre kay vedet la nan vil Toronto, Ontario, Kanada, 7 Me, 2024.

Enspektè a di li paka konfime si Drake te lakay li lè ensidan an rive a, men ke lapolis an kontak ak ekip li e yap kowopere avè yo."

Prezans lapolis tou pre kay Drake la vini nan moman misye nan yon chire pit ak chantè Kendrick Lamar. Dapre nouvèl yo 2 sipèsta yo gen gwo bif ki gen pou wè ak mizik nan moman youn ap akize lot la san okenn prèv. Atis yo fèk sot pibliye plizyè nouvo chante tou.

Pa gen okenn siy ki ta montre ke chire pit sa a ant mesye yo lye ak fiziyad la.

Se laprès Kanadyèn ki te rapote nouvèl la an premye jodi 7 Me, 2024 la.

Lapolis mande tout moun ki gen enfomasyon sou ensidan an pou yo pran kontak ak yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters

XS
SM
MD
LG