Accessibility links

Breaking News

Avoka Akizasyon Dominiken yo Arete yon Sòlda an Koneksyon ak Vyòl yon Timoun Ayisyen


Foto Achiv: Ayisyen otorite Dominiken yo arete pou depotasyon nan yon kamyon lapolis nan Dajabon, Repiblik Dominiken, 14 Sept. 2023.
Foto Achiv: Ayisyen otorite Dominiken yo arete pou depotasyon nan yon kamyon lapolis nan Dajabon, Repiblik Dominiken, 14 Sept. 2023.

Otorite Dominiken yo pase lòd pou yo arete yon sòlda Dominiken ke lajistis akize dèske li vyole yon timoun 14 zan Ayisyen pandan li tap chache migran ilegal nan rejyon vil vakans sou lanmè Punta Cana.

Sòlda a, ke yo idantifye kòm Paulino de la Cruz, se youn pami 15 manm Avisyasyon Dominiken ki te akonpaye enspektè imigrasyon ki tap chache migran nan yon zòn ki rele Veron kote anpil Ayisyen al tabli kò yo. Migran yo tap dòmi nan moman an.

Ensidan an dewoule pandan ke manman timoun nan - ki depoze plent la - pat nan kay la.

Dapre dokiman Associated Press obteni, viktim nan idantifye sispèk la "yon fason klè e presi".

Si lajistis jwenn ni koupab de vyòl, sòlda a taka resevwa yon santans ant 10 ak 20 an prizon.

AP pa bay non manman timoun nan pou pwoteje vi prive li.

XS
SM
MD
LG