Accessibility links

Breaking News

Sena Etazini Rejte Atik Miz an Akizasyon Mayorkas la


Vot nan Sena Etazini an sou miz an akizasyon Sekrete Sekirite Nasyonal la, Alejandro Mayorkas, 17 Avril, 2024.
Vot nan Sena Etazini an sou miz an akizasyon Sekrete Sekirite Nasyonal la, Alejandro Mayorkas, 17 Avril, 2024.

Sena Ameriken an vote pou rejte atik miz an akizasyon kont Sekretè Sekirite Nasyonal la, Alejandro Mayorkas.

Se konsa yo klotire pwosè kote yo te akize l dèske li pa byen jere fwontyè Etazini Meksik la.

Repibliken yo pat kontan.

Mitch McConnell se lidè minorite Repibliken Sena a a.

"Kolèg nou yo konnen nou gen obligasyon pou n pran pwosesis sa yo o serye. Se sa sèman nou prete a mande. Se sa listwa ak presedan egzije e mwen ta ankourache tout kolèg nou yo konsidere sa l ye ak sa konstitisyon an egzije."

Ted Cruz reprezante eta Texas.

"Pozisyon prezidan sena a a kote lap mande senatè yo pou vote vit e prese epi evite agiman pa bon. Sèl fason rasyonèl pou rezoud kestyon sa a se ak deba epi konsiderasyon pou konstitisyon an ak lwa peyi a."

Demokrat yo di atik yo pa konstitisyonèl. Senatè Chuck Schumer, ki se prezidan Sena a.

"Nou bay repibliken yo opotinite pou fè deba an piblik. Se la sa dwe fèt - e nou pat dakò. Nap avanse kounyea."

Lachanm Depite te vote ak yon majorite tou mens an favè miz an akizasyon Mayorkas la. Depite Repibliken yo te plenyen pou di nan atik miz an akizasyon yo ke Mayorkas derefize aplike lwa imigrasyon Etazini.

Mayorkas bò kote pa li di lap konsantre sou travay Depatman li an ap fè.

XS
SM
MD
LG