Accessibility links

Breaking News

New York: Yon Jij Joure Ansyen Prezidan Trump


Trump Hush Money
Trump Hush Money

Yon jij nan New York joure ansyen Prezidan Etazini Donald Trump ayè madi a nan pwosè kriminèl li a lè moun te ka tande Trump ki t ap rejte eksplikasyon yon kandida manm jiri ki t ap di poukisa li te filme yon selebrasyon nan lari ki te make defèt Trump nan eleksyon 2020 an kote li t ap chache double manda li.

Jij nan Kou Siprèm Awondisman New York Juan Merchan reprimande Trump apre avoka defans li, Todd Blanch, te eseye san siksè anpeche dam nan patisipe nan pwosè a kòm manm jiri, paske manmzèl te poste sou media sosyal video sou sa ki te pase nan lari a.

Pita, apre kandida pou jiri a te kite tribinal la, Merchan te kouri blame Trump pou konpòtman li.

Yon lòt kote, Michael Cohen, ki te pran frap pou Donald Trump, ap tann pou li sèvi kòm temwen akizasyon vedèt nan pwosè kriminèl ansyen Prezidan Etazini an anba akizasyon ke li ta peye yon vedèt porno pou li pa pale pawol sou yon afè ke li te gen ak Trump anvan kanpay 2016 la.

XS
SM
MD
LG