Accessibility links

Breaking News

Etazini Ak Alye li Yo Ap Travay Sou Sanksyon Kont Iran


FILE PHOTO: G7 summit in Hiroshima
FILE PHOTO: G7 summit in Hiroshima

Etazini di l ap travay ak alye li yo sou yon repons kowòdone pou atak ak dronn e ak misil ke Iran te lanse sou teritwa Izrayèl pandan wikenn nan. An menm tan, li kontinye ekzòte Izrael pou li mete dlo nan diven li e evite limen yon konfli pi laj.

Prezidan Joe Biden ap « kòdone ak alye e ak patnè li yo, pami yo Gwoup G7 la, e ak lidè tou 2 pati yo nan Kongrè a, sou yon repons global, » se sa konseye sou sekirite nasyonal Jake Sullivan di nan yon deklarasyon.

Etazini pwal enpoze nouvo sanksyon ki vize Iran nan jou ki ap vini yo, pou repete Sullivan, antwòt pwogram misil ak dronn li a ak tout gwoup ki sipòte Kò Gad Revolisyonè Iran an ak Ministè Defans Iran.

Li di tou Etazini pwal akselere pwogram sistèm defans aeryen li pou bare misil ak dronn.

Responsab nan alantou Biden mande plizyè fwa pou kalme tansyon an. Prezidan an « pa vle wè yon gè ak Iran, pa vle wè konfli a laji, » se sa pòtpawol Mezon Blanch pou sekirite nasyonal John Kirby di jounalis ayè madi a.

--

XS
SM
MD
LG