Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Chèf Militè Izrayèl la di Peyi a Pral Reponn Atak Iran an

Manifestan Iranyen pote model yon misil nan Teheran, 15 Avril 2024.
Manifestan Iranyen pote model yon misil nan Teheran, 15 Avril 2024.

Chèf militè Izrayèl la di peyi li pral reponn atak ak misil Iran te lanse kont yo wikèn pase a. Sepandan li pa bay detay sou kilè ni kijan.

Lyetnan Jeneral Herzi Halevi deklare Lendi ke Izrayèl ap reflechi sou pwochen etap li pral pousuiv yo, e ke atak ak mizil Iranyen an ak dron yo lanse "pral jwenn repons".

Halevi te pale konsa pandan yon vizit li te fè nan baz aviyasyon Nevatim la, ke Izrayèl di sibi dega leje nan atak Iranyen an.

Premye Minis Benjamin Netanyahu rankontre responsab wo plase gouvènman an pou diskite yon yon repons posib.

Lidè mondyal yo ankouraje Izrayèl pou l pa reponn atak Iran an, kote Teheran te lanse plizyè santèn dron, misil balistik ak misil kwazyè kont Izrayèl.

See all News Updates of the Day

Etazini : Chanm Depite a Vote pou Mande Livrezon Bonm pou Izrayèl

Congress Israel
Congress Israel

WASHINGTON (AP) — Chanm Depite a ke Repibliken yo kontwole fè yon vòt ki ale kont desizyon Prezidan Joe Biden pou li te fè yon kanpo nan livrezon bonm bay Izrayèl, ki ka sèvi nan yon ofansiv sou Rafah.

Jedi 16 Me a Chanm nan vote sou yon pwojè lwa ki sanse pa gen okenn chans pou yo aplike li, men ki mete presyon sou Demokrat yo paske li mande livrezon zam yo.

Administrasyon Biden nan ap chèche dekouraje Izrayèl pou pa fè ofansif li sou vil Rafah yon vil ki gen anpil sivil.

Mwa sa a, administrasyon Biden nan te kenbe yon chajman zam ki gen ladann 3,500 bonm.

Repibliken yo te move dènye degre pou sa, e deklare sa montre ke Etazini abandone youn nan alye ki pi pwòch li nan Mwayen Oryan an.

Somè Arab: Bahrain Fè Apèl Pou yon "Konferans Entènasyonal Pou Lapè" nan Pwòch Oryan an

A hand out picture provided by UAE Presidential Court on October 20, 2023, shows (front L- R) Vietnam's Prime Minister Pham Minh Chinh, Crown Prince of Kuwait Sheikh Mishal al-Ahmad al-Jaber al-Sabah, President of Indonesia Joko Widodo, the Emir of Qatar
A hand out picture provided by UAE Presidential Court on October 20, 2023, shows (front L- R) Vietnam's Prime Minister Pham Minh Chinh, Crown Prince of Kuwait Sheikh Mishal al-Ahmad al-Jaber al-Sabah, President of Indonesia Joko Widodo, the Emir of Qatar

Wa peyi Bahrain nan lanse apèl Jedi 16 Me pou mande yon "konferans entènasyonal pou lapè" nan ouvèti somè Lig Arab la ki ap dewoule nan Manama, nan moman kote Izrayèl ap mennen yon lagè kont gwoup palestinyen Hamas nan Gaza.

Peyi kap òganize somè a mande "yon konferans entènasyonal pou lapè" nan Pwòch Oryan an, ak yon efò pou "sipòte rekonesans konplè Eta Palestin nan pou li vin manm Nasyonzini", se deklarasyon Hamad bin Issa Al Khalifa.

Tank Izraelyen Touye 5 Solda Izraelyen

Israeli tanks manoeuvre near the Israel-Gaza border
Israeli tanks manoeuvre near the Israel-Gaza border

Lame Izrayèl la fè konnen jodi jedi a tank izraelyen touye 5 solda izraelyen nan nò Gaza.

Lame a pale de solda ki te nan move pozisyon pandan lòt t ap tire e li di 3 lòt solda soti blese.

Sa bay yon total 273 solda izraelyen ki tonbe depi lagè a te tanmen nan mwa Oktob la.

Jodi jedi a tou, lame Etazini rapòte ke li fin enstale yon waf tanporè ki jete lank bò yon plaj nan Gaza, sa ki pwal ouvè yon nouvo wout pou pote èd imanitè ale nan Gaza.

Kòmandman Santral Etazini fè konnen kamyon ki ap pote èd gen pou yo koumanse vanse sou plaj-la nan jou ki ap vini yo, e ke Nasyon Zini pwal anchaje pou resevwa chajman yo epi òganize distribisyon yo.

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 16 Me, 2024 d

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 16 Me, 2024
d
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:00 0:00

VOA 60: Vizit Putin nan Lachin

Fòs Izrayelyen yo Ogmante Prezans yo nan Rafah

Fòs Izrayelyen yo Ogmante Prezans yo nan Rafah
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:11 0:00

Prezans solda izrayelyen nan vil rafah enkyete yon responsab wo plase Nasyonzini. Militè Izrayelyen yo toujou ap chèche militan Hamas yo nan vil la

Load more

XS
SM
MD
LG