Accessibility links

Breaking News

15 Avril se Jou Taks Ozetazini


Election 2024 Biden Trump Taxes
Election 2024 Biden Trump Taxes

Jodi 15 Avril ki se Jou Taks la pou Etazini moutre yon gwo diferans nan jan Joe Biden ak Donald Trump ta gouvène: Kandida prezidansyèl yo gen lide depaman sou ki mezi nan finans yo ke yo dwe devwale, ak ki pi bon mwayen pou yo bay ekonomi an boustè nan politik taks yo.

Biden, prezidan Demokrat ki sou pouvwa a, gen entansyon pibliye enpo sou revni li jodi lendi a, ki se dèle ke Depatman Taks bay pou moun depoze papye taks yo. E demen madi a, li gen pou l fè yon diksou nan Scranton, nan eta Pennsilvani, sou rezon ki fè moun rich yo dwe peyi plis taks pou redui defisi federal la epi ede finanse pwogram pou pòv yo ak klas mwayèn nan.

Biden di: “Pandan 36 lane, mwen te sou lis kòm nèg ki pi pòv nan Kongrè a, se pa yon blag, » li te pale konsa ak donatè nan mwa Fevriye pase.

An 2015, Trump te deklare nan kanpay li, “Mwen vrèman rich.”

Ansyen prezidan Repibliken an te di ke elektè yo pa bezwen wè chif sou taks li e ke yo sèlman bezwen wè ansyen dosye finansye li. Li di ke kenbe taks yo ba pou moun rich yo ankouraje yo envesti e fè yo kreye plis djòb.

XS
SM
MD
LG