Accessibility links

Breaking News

Biwo Prizon Etazini pral Fèmen yon Prizon pou Fanm nan Kalifòni Kote Prizonye yo Sibi Abi Seksyèl


Foto Achiv: Penitansye Federal vil Dublin, Kalifoni, 5 Desanm, 2022.
Foto Achiv: Penitansye Federal vil Dublin, Kalifoni, 5 Desanm, 2022.

Biwo Federal Prizon Etazini fè konnen li gen entansyon fèmen yon prizon pou fanm nan Kalifòni ke yo rele "klib vyòl la" (rape club) malgre tantativ pou fè refòm nan penitansye a.

Associate Press te mennen ankèt sou sityasyon nan prizon sa a ki te ekspoze pakèt abi seksyèl anplwaye yo fè kont prizonye yo.

Direktè Biwo Prizon an, Colette Peters di AP ke ajans la "pran mezi san presedan epi dispoze yon pakèt resous pou kontrekare kilti, rekritman ak retansyon, enfrastrikti ki granmoun anpil e sak pi enpòtan an - move konpòtman anplwaye yo.

Yon ankèt AP te mennen an 2021 jwenn yon kilti kote se tout tan yo tap kache abi ki te pèsiste pandan plizyè zane nan prizon an.

XS
SM
MD
LG