Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Biden Ankouraje Izrayèl pou l Mete Dlo nan Diven li pou Konfli Mwayen Oryan an pa Gaye Pi Plis

Prezidan Joe Biden rive Delaware abo avyon prezidansyel Air Force One nan New Castle, 12 Avril 2024.
Prezidan Joe Biden rive Delaware abo avyon prezidansyel Air Force One nan New Castle, 12 Avril 2024.

Lezetazini ap mete aksan sou wòl lap jwe nan jefò pou ede Izrayèl kwape atak ayeryen Iran te lanse kont li.

Prezidan Joe Biden konvoke Dimanch lidè peyi ki fè pati Gwoup dè 7 la, pou eseye anpeche konfli rejyonal nan Mwayen Oryan an pran plis anplè epi kowòdone yon kondanasyon Teheran.

Etazini ede Izrayèl desann plizyè douzèn dron ak misil Iran tire kont li Samdi.

Otorite Izrayelyen yo di yo desann 99% zam Iran lanse kont yo san yo pat koze domaj siyifyan.

Otorite Ameriken yo di malgre Teheran lapide Izrayèl ak yon pakèt zam, objektif Teheran pou "detwi epi touye moun" pat ranpòte siksè.

Etazini di si atak la te gen siksè, li tap koze yon ogmantasyon "enkontwolab" konfli a toupatou nan Mwyen Oryan an.

See all News Updates of the Day

Atak Aeryen Izraelyen sou Rafah Touye omwen 22 Moun

Displaced Palestinian children wait by containers for water supply at their tent camp in Rafah in the southern Gaza Strip on April 26, 2024 amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian militant group Hamas. (Photo by MOHAMMED ABED / AFP)
Displaced Palestinian children wait by containers for water supply at their tent camp in Rafah in the southern Gaza Strip on April 26, 2024 amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian militant group Hamas. (Photo by MOHAMMED ABED / AFP)

Otorite sante palestinyen yo di ke atak aeryen Izraelyen sou vil Rafah nan sid Gaza touye omwen 22 moun, pami yo 6 fanm ak 5 timoun.

Youn nan timoun ki mouri nan frap yo te gen sèlman 5 jou depi li te fèt. Izrayèl lanse atak aeryen regilyèman sou Rafah depi kòmansman lagè a e li menase pou l voye twoup atè nan vil la. Li di Rafah se dènye kote ki anba kontwol Hamas nan Gaza.

Plis pase yon milyon Palestinyen te chèche refij nan vil sa ki gen fwontyè ak peyi Ejip.

Etazini ak lòt peyi ekzòte Izrayèl pou pa anvayi vil la paske yo pè pou pa gen yon katastwòf imanitè. Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken kòmanse lendi setyèm misyon diplomatik li nan Mwayenn Oryan an depi lagè Izrayèl ak Hamas la te tanmen nan mwa Oktòb.

Etidyan nan Divès Inivèsite Ozetazini Manifeste an Favè Palestinyen yo

Etidyan nan Divès Inivèsite Ozetazini Manifeste an Favè Palestinyen yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:51 0:00

Inivèsite Columbia rale bak sou dèle ke li te fikse ayè jedi-a kote li te bay manifestan anfavè Palestinyen-yo lannwit yè swa a pou yo abandone kan yo sou kanpis la, pandan plis inivèsite nan Etazini te chache anpeche manifestan yo kontinye okipe kanpis yo.

Gaza: Ministè Sante Hamas anonse ke 34.356 moun Pèdi Lavi yo

PALESTINIAN-ISRAEL-CONFLICT-GAZA
PALESTINIAN-ISRAEL-CONFLICT-GAZA

Ministè Sante Hamas anonse vandredi 26 Avril la yon nouvo bilan moun ki pèdi lavi yo nan lagè a.

Dapre responsab sante yo gen on total 34.356 moun ki tonbe nan Gaza nan lagè ant Izrayèl ak Hamas la depi apre dat 7 oktòb la.

Nan 24 èdtan, yo anrejistre omwen 51 lòt moun ki mouri , dapre yon nòt pou laprès ministè a ki rapòte tou ke gen 77,368 moun ki blese nan plis pase 200 jou lagè a.

Lapolis Antre nan Lese Frape ak Manifestan Pwo-Palestin nan Texas

Lapolis Antre nan Lese Frape ak Manifestan Pwo-Palestin nan Texas
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:08 0:00

Plis pase 100 etidyan ki tap manifeste an fave Palestin nan inivèsite atravè peyi Etazini jwenn arestasyon yo apre yo antre nan lese-frape ak lapolis.

Manifestan Pro Palestinyen Gaye nan yon Plas Piblik epi Bloke Wout nan Nouyok

Manifestan Pro Palestinyen Gaye nan yon Plas Piblik epi Bloke Wout nan Nouyok
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:06 0:00

Plizyè manifestan Pro Palestinyen te pran lari nan New York pou manifeste kont lagè Izrayèl ap mennen nan Gaza a.

Load more

XS
SM
MD
LG